Accessibility links

Breaking News

Madam Gina Haspel Prete Seman kòm Nouvo Direktris CIA

Gina Haspel, premye fanm ki okipe pòs direktris CIA - Ajans Santral Ransèyman Ameriken an.
Gina Haspel, premye fanm ki okipe pòs direktris CIA - Ajans Santral Ransèyman Ameriken an.

Prezidan Donald Trump prezide seremoni enstalasyon Madam Gina Haspel kòm direktris CIA (Ajans Santral Ransèyman Ameriken an) nan fen matine jounen lendi 21 me 2018 la. Seremoni an dewoule an prezans, antwòt, Vis Prezidan Mike Pence ak Sekretè Deta Mike Pompeo nan vil Langley, nan Eta Vijini, tou prè Washington DC. Apre Prezidan Trump te fin fè diskou li nan okazyon an, li te envite Vis Prezidan Pence administre sèman enstalasyon an.

Lidè ameriken an di: "Gina Haspel pase plis ke 30 tan ap sèvi ajans CIA a. Li gen respè tout moun nan gouvènman an. Nou si e sètan li pral fè yon bon travay kòm direktris."

Nan diskou pa nouvo direktris CIA a, li remèsye Prezidan Trump pou konfyans li e li pwomèt pou l ede manm pèsonel ajans la --kit se sa ki nan katye jeneral la, kit se sa ki aletranje-- fè yon travay yo renmen, yon travay ki, pou yo kòm pou li, se yon misyon, se yon vokasyon. Madam Haspel deklare :

Gina Haspel ki t ap prete sèman kòm nouvo direktris Ajans Santral Ransèyman Ameriken an (CIA) sou yon bib Sekretè Data Mike Pompeo te kenbe pandan Prezidan Donald Trump t ap swiv. Seremoni an dewoule nan katye jeneral CIA a nan vil Langley, Eta Vijini, tou prè Washington D.C., lendi 21 me 2018.

"Pou mwen CIA se plis ke yon karyè. Menm jan avèk anpil nan nou ki la, pou mwen CIA se yon apèl, se yon vokasyon. Gen anpil ajan ki prezan nan lokal sa a e toupatou atravè lemond, k ap ranpli yon misyon difisil. Pafwa yo pran anpil risk pèsonèl pou sa. Nou tout ki prezan isit la jodi a, mwen vle nou konnen si m pral jwe wòl direktris CIA, se pou mwen reprezante nou epi gide nou an menm tan."

Sena ameriken an te konfime Madam Haspel ak yon vòt 54 pou e 45 kont. Vòt sa a te vin mete fen nan yon pwosesis kote senatè yo te pase an revi yon seri de teknik ak pratik entèwogatwa CIA te konn utilize nan le pase sou militan ajan li yo te konsidere kòm ennmi Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG