Accessibility links

Breaking News

Etazini: Nomine pou Pòs CIA a Ap Fè Fas ak Anpil Difikilte nan Kongrè a


Direktè Nomine Sèvis Ransèyman, Etazni an,CIA,Gina Haspel, nan mitan. (Foto: AP /Andrew Harnik, 2 me 2018.)
Direktè Nomine Sèvis Ransèyman, Etazni an,CIA,Gina Haspel, nan mitan. (Foto: AP /Andrew Harnik, 2 me 2018.)

Prezidan Donald Trump di pèsonalite li chwazi kòm pwochen direktè sèvis ransèyman Etazni an, CIA Gina Haspel, ap fè fas ak anpil difikilte jounen jodi a poutèt li te adopte yon apwòch twò miskle kont teworis yo.

Mesye Trump pibliye yon mesaj sou kont Twitter li a nan sans sa a apre jounal Washington Post fin pibliye yon atik pou di madam Haspell ofri pou l retire nominasyon li semèn pase a, paske responsab nan Lamezon Blanch gen gwo kè-sote sou wòl li te jwe nan entèwogatwa gwo ponyèt ak sispèk teworis yo.

Nan Mesaj sou kont Twitter sa a, Prezidan Trump di: "Eseye panse ak bagay la, nan epòk danjere sa a, nou te genyen moun ki pi kalifye a, yon dam, ke kan demokrat la pa vle wè ak je, paske li te twò sevè ak teworis yo.

XS
SM
MD
LG