Accessibility links

Breaking News

Chris Hemsworth di Li Te 'Jennen' Parèt Prèske Toutouni nan Film 'Thor: Love and Thunder'

Akte Ostralyen Chris Hemsworth (a dwat) ak sineyas Taika Waititi, ki se moun Nouvel Zeland, poze pou yon foto sou tapi wouj gran premye film "Thor: Love and Thunder" nan vil Sydney, Ostrali, 27 Jyen 2022.

"Mwen pat menm konnen kamera yo tap woule. Li (sineyas la) te senpman mande'm wetire rad mwen epi mwen te repon "Wi chèf." Se sa aktè Chris Hemsworth, ki jwe wol prensipal la nan film "Thor: Love and Thunder" di laprès pandan yon evenman pou fè piblisite pou film nan.

"Mwen sonje mwen te wè dèyè misye nan film 'Rush'la," sineyas, dramatij ak aktè Taika Waititi deklare.

Hemsworth reponn misye ke "sete pwobableman yon sityasyon pi ekstrèm. E li te jennan ak ridikil."

Sineyas Waititi esplike poukisa li te mande aktè Hemsworth wetire rad li nan film nan: "Li te fè sans o pwen'd vi estetik epi finansye. Mwen kwè nap vann plis biyè," li deklare.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG