Accessibility links

Breaking News

Remèd pou Kolestewòl


Plizyè milyon moun nan lemond ki an danje pou yo trape maladi ap pran remèd yo rele statin nan pou ede yo bese move kolestewòl (LDL) yo; men medikaman sa a pa bay menm rannman an nan ogmante HDL-la, bon kolestewòl-la ki ede konbat maladi nan san moun-nan.

Kounya doktè yo kontan deske yo jwenn yon nouvo remèd ki pral ogmante nivo HDL yo anpil. Daprè yon repòtaj Melinda Smith pou lavwadlamerik, doktè yo fè konnen ke malad yo ap oblije tann kèk lane toujou anvan piblik-la ka jwenn remèd sa a.

Doktè yo gen anpil espwa ke nouvo medikaman sa a ki rele anacetrapib ka sove lavi moun nan tan k ap vini yo. Pou pi piti 1600 malad te patisipe nan yon esè limite pou remèd la, kote kèk nan yo te pran anacetrapid pandan lòt yo te pran yon placebo. Nan etid la, malad ki te pran anacetrapid yo pèdi 40% nan move kolestewòl yo e bon kolestewòl yo pran yon ogmantasyon 138%.

Chèchè yo dakò ke etid la merite plis esè. Nan kòmansman ane k ap vinn la a, 30,000 moun pral kòmanse yon etid entènasyonal sou medimaman an k ap dire 4 lane. Sa yo ki deja gen pwoblèm kolestewòl e ki ap pran dwòg statin nan, yo pral pran anacetrapib.

Men ann atandan, doktè kontinye bay ansyen konsèy la: kontinye fè egzèsis, elimine manje ki gen twòp grès e ki pa bon pou sante e ki ka ogmante move koletewòl.

XS
SM
MD
LG