Accessibility links

Breaking News

Chofè Nan Kalifòni Gaye Pou Ranmase Lajan Kach ki Tonbe Sou Yon Otowout


Yon neg ki ranmase lajan sou otowout Interstate 5 nan San Diego eta Kalifoni, 19 Nov. 2021.
Yon neg ki ranmase lajan sou otowout Interstate 5 nan San Diego eta Kalifoni, 19 Nov. 2021.

Moun ki tap kondui sou yon otowout nan rejyon Sid Kalifòni te pran kouri pou ranmase lajan kach ki gaye Vandredi maten sou beton an. Lajan an sot tonbe nan kèk sak ki yon kamyon blende kite chape.

Ensidan an rive yon ti kras anvan 9:15 di maten sou Interstate 5 nan vil Carlsbad nan moman kamyon an te sou wout pou'l al nan San Diego kote li tapral nan biwo Depo Federal Asirans la, dapre sa otorite yo fè konnen.

"Youn nan pòt yo te louvri sanzatann epi sak ki te chaje ak lajan kach sot tonbe atè a," Sèjan Curtis Martin, ki travay pou lapolis ki fè patwouy sou otowout Kalifòni yo.

Plizyè sak pete ouvè epi lajan an gaye -- pou pi fò sete biyè dola ak 20 dola. Antouka - yo te kouvri plizyè vwa otowout la e machin te frennen sèk pou kouri ranmase lajan an - ki koze gwo tèt chaje sou otowout la, dapre polisye Martin.

Videyo kèk moun pibliye sou rezo sosyal yo montre chofè ap ri epi sote ak ponyèt chaje lajan.


Gen 2 moun yo mete anba kòd sou plas, dapre polisye a, e Martin lanse avètisman pou di nenpòt moun yo bare ak lajan ke yo ranmase atè a taka fè fas ak pwosè kriminèl. Li fè remake gen yon pakèt videyo kap sikile deyo a ke Pawouy Otowout Kalifoni an CHP epi FBI ap envestige.

Otorite yo ankouraje nempòt ki moun ki te ranmase lajan sou wout la pou yo pote'l bay biwo Patwouy Otowout Kalifoni an nan vil Vista.

Otorite yo pa presize konbyen lajan yo pèdi. Sepandan, omwens yon douzèn moun deja remèt lajan yo koleksyone sou otowout la Vandredi apremidi, dapre jounal San Diego Union-Tribune.

"Moun yo pote yon pakèt lajan ba nou," Martin deklare."Moun yo ranmase anpil lajan."

Otowout la te relouvri nòmalman yon ti tan anvan 11 zè di maten menm jou a.

XS
SM
MD
LG