Accessibility links

Breaking News

Chita-Tande Nan Washington Sou Rekonstriksyon Ayiti


Hillary Rodham Clinton ak Michel Martelly
Hillary Rodham Clinton ak Michel Martelly

Sant etid stratejik e entènasyonal organize jedi 28 avril 2011 la yon rankont brase lide sou opsyon nouvo dirijan Ayiti yo pral genyen pou bati yon nouvo peyi. Rankont sa a, ki te dewoule isit Washington, te reyini nan menm sal la plizyè aktè kap travay sou teren an Ayiti, tankou pa egzanp ONG, òganizasyon entènasyonal ak rejyonal kòm Bank EnteAmeriken pou Devlopman ak Òganizasyon Eta Ameriken yo.

Konseye Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton, Cherryl Mills, te pale sou kontribisyon administrasyon ameriken an bay nasyon karayibeyen an avan e apre tranblemanntè, epi kontribisyon sou fason pou konbat epidemi kolera a, san bliye travay pou ranmase debri nan lari yo.

Madanm Mills rapòte rankont prezidan eli a Michel Martelly te genyen ak reprezantan administrasyon ameriken an sou objektif l ap pouswiv pandan 5 ane li pral pase sou pouvwa a tankou kreyasyon travay nan peyi a, edukasyon, lojman , devlopman sektè agrikilti a mete ak kwasans ekonomik.

Madan Cherryl Mills sigjere pou msye Marterlly redui a 60 jou sa te konn pran pou jwenn yon pèmi konstriksyon nan peyi a. Li mande tou pou redui kantite tan li pran pou tanmen yon biznis an Ayiti, kote gouvènman ayisyen an transfòme peryòd atant 180 jou a a anviwon 2 semèn.

Madanm Mills kwè msye Martelly kapab kòmanse refòm nan domèn lajistis lè li va non-men yon jij alatèt kou konsasyon an. Etazini ap ede bati yon Park Endustriyèl nan pati Lès vil kapayisyen , yon fason pou kreye anviwon 20 mil anplwa nan depatman nò peyi Dayiti.

Madanm Mills kwè msye Martelly kapab pwofite de atansyon Ayiti jwenn bò komunote entènasyonal pou l leve defi li gen devann, oubyen pifor ladan yo. Konseye madanm Clinton nan di pou kounye a Etazini pa vle gade sèlman sou kantite lajan l ap depanse nan nasyon karayibeyen an men pito sou rezilta li jwenn nan envestiman gouvènman ameriken an fè lotbò a.

Nan yon deklarasyon li fè, Madanm Mills di:

"Nou pap gade kantite moun ki ale lekòl men pito n ap mande ki kantite moun k ap aprann lekòl. Sa m bezwen konnen , se èske n ap amelyore vrèman lavi pèp ayisyen an, èske pwogram agrikòl nou finanse a pral pèmèt kiltivatè rantre plis lajan, èske envestisman nan swen sante pèmèt pèmèt Etazini reyisi nan demach pou yon seri maladi rete lwen popilasyon an. Èske popilasyon an gen aksè ak elektrisite ?."

Se otan kesyon konseyè sekretè deTa ameriken-an, Cherryl Mills, te poze, e ke li ta renmen reprezantan tout sektè leve defi say o ansanm e nonpa kòm yon sèl endividi.

Chita-Tande Nan Washington Sou Rekonstriksyon Ayiti
Chita-Tande Nan Washington Sou Rekonstriksyon Ayiti

Lòt entèvenan nan jounen 28 Avril la se Sekretè jeneral Adjwen òganzasyon Eta Ameriken Anbasadè Albert Ramdin ki di : "prezidan eli a ta dwe travay nan 6 mwa k ap vini yo pou retire moun k ap viv anba tant yo, kreye travay, ede konbat maladi kolera epi prepare pwochen sezon siklòn nan.

Ekonomis ayisyen Kesner Pharel, ki responsab gwoup kwasans , te pale sou bòn gouvènans , kote li di prezidan Marterlly dwe pare pou l travay ak tout sektè kèlke swa tandans si l vle pote suksè nan demach li vle antreprann lè li va prete sèman kom prezidan Dayiti.

Pou Abdonel Doudou ki se responsab gwoup Juri Medya nan Sosyete Sivil li enpòtan pou prezidan eli a travay pou l satisfè non sèlman ki te vote an favè l yo men tou majorite ki pat patisipe nan eleksyon an.

Tout panelis yo rekonèt ke nouvo dirijan an gen gwo defi k ap tann yo men tou , li nan enterè yo pou dirije nan transparans , yon fason pou bay pèp la satisfaksyon. Men responsab yo dwe prann tout dispozisyon pou pare teren an pou atire envestisè nan peyi a.

Tankou yon panelis di l: "vide lajan nan Ayiti pa sifi pou fè peyi a vanse pi devan, men li enpòtan pou gen resous ki nesesè, dekwa pou konkretize travay ki dwe fèt pou mete peyi sou wout devlpman tankou sa rive lakay lòt peyi vwazen nan basen karayib la."

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj Jean-Robert Philippe

XS
SM
MD
LG