Accessibility links

Breaking News

Chita Tande ant Manm Inyon Peyi Sid Ameriken yo


Minis afè etranjè plizyè peyi sid ameriken an ap rankontre jedi 29 jiyè a nan Ekwatè pou fè chita tande relasyon diplomatik ant Venezuela ak Kolonbi a ki kraze.

Rankont sa a ant manm Inyon peyi sid ameriken yo (UNASUR) dewoule apre desizyon Caracas pran pou l koupe relasyon diplomatik ak Kolonbi poutèt otorite kolonbyèn yo akize Venezuela dèske li kache lakay li rebèl gochis.


Prezidan venezuelyen an, Hugo Chavez, pran desizyon an semèn ki sot pase la a apre Kolonbi te ale devan Konsèy Pèmanan an kote yo founi foto kat jeografik , video eksetera pou pwouve gen 1500 gochis ki kache sou teritwa venezuelyen an.

Anbasadè Venezuela a nan OEA, Roy Chaderton, di dokiman anbasadè Kolonbi a, Luis Alfonso Hoyos , founi yo pa reprezante prèv solid pou akizasyon yo.

XS
SM
MD
LG