Accessibility links

Breaking News

Chita-Pale Sou "Falèz Fiskal la" Ant prezidan Obama ak Lidè Kongrè a


Prezidan Chanm Depite Ameriken an, John Boehner, reprezantan Eta Ohio, k ap kite Mezon Blanch la nan Washington apre yon chita-pale "tout pòt fèmen" ak prezidan Barack Obama e ak lòt lidè Kongrè a pou diskite sou tèm yon akò pou evite falèz fiskal la 28 Desanm 2012.
Prezidan Chanm Depite Ameriken an, John Boehner, reprezantan Eta Ohio, k ap kite Mezon Blanch la nan Washington apre yon chita-pale "tout pòt fèmen" ak prezidan Barack Obama e ak lòt lidè Kongrè a pou diskite sou tèm yon akò pou evite falèz fiskal la 28 Desanm 2012.
Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè chita-pale vandredi nan Mezon Blanch lan ak 4 prensipal lidè Kongrè a nan moman dat limit pou evite falèz fiskal ap vanse tankou yon tren sou yo. Misye Obama rankontre ak lidè lidè majorite demokrat nan sena a, Harry Reid, lidè minorite repibliken an, senatè Mitch McConnell; lidè majorite repibliken nan chanm depite a, John Boehner et ak lidè minorite demokrat nan menm chanm nan, Nancy Pelosi.

Nan deklarasyon li fè devan jounalis yo apre chita-koze a prezidan Obama di "li te genyen yon bon e konstriktif diskisyon nan Mezon Blanch lan ak lidè Sena a e ak lidè Chanm depite a sou fason pou yo anpeche taks kontribyab klas mwayèn nan ogmante. Misye Obama deklare li "optimis e ke nou genyen opòtinite toujou pou nou jwenn yon akò ki ka jwenn apwobasyon 2 chanm palman an atan". Prezidan an presize "senatè Reid and McConnell ap travay sou kalte akò sa a nan moman li tap pale devan jounalis yo nan Mezon Blanch lan.

Si de pati yo pa rive jwenn yon akò anvan dat premye janvye a, preske tout sitwayen ameriken pral wè taks yap peye leta ogmante otomatikmane gouvènman an tou pral oblije koupe nan depans li. Ekonomis yo krenn pou sitiasyon sa a pa plonje ekonomi peyi a ki deja frajil nan resesyon.

Lidè repibliken nan Kongrè a konvoke tou yon sesyon pou dimanch apre-midi nan chanm depite a. Chanm nan te an vakans nan okazyon fèt nwèl la apre li pat rive jwenn yon akò sou "kriz fiskal la" ak Mezon Blanch lan.

Sena a, sepandan, te kontinye ap travay. Misye Reid te deklare yè jedi a “sanble, nan opinyon pa li, ekonomi an pral tonbe nan falèz fiskal la » e li te kritike lidè majorite repibliken Chanm depite a, John Boehner, li akize kap dirije yon diktati nan chanm reprezantan an… e ki genyen plis sousi pou’l konsève djòb li ke fè travay kontribyab yo voye’l fè nan palman an.
Misye Bohner reponn pou di; misyeReid ta fè pi byen « pale mwens e lejifere plis».
XS
SM
MD
LG