Accessibility links

Breaking News

Chilyen Pare Pou Envestiti yon Nouvo Jèn Prezidan


Prezidan eli Chilyen an Gabriel Borich (a goch) pran kek selfie ak patizan li yo pandan yon evenman pou make Jounan Entenasyonal Medam yo nan Santiago, Chili, Madi 8 Mas, 2022.
Prezidan eli Chilyen an Gabriel Borich (a goch) pran kek selfie ak patizan li yo pandan yon evenman pou make Jounan Entenasyonal Medam yo nan Santiago, Chili, Madi 8 Mas, 2022.

Nan moman kote Chili ap fè preparasyon pou yon jèn prezidan ki se yon milenè zèl goch prete sèman Vandredi, sitwayen Santiago yo pale sou sa yo atann de Gabriel Boric.

Boric gen 36 zan e li te vinn gen renome pandan manifestasyon anti-gouvènman li te dirije antanke etidyan. Li devwe anpil tan a rankont politik nan "La Moneda Chica" yon bilding li prete e konvèti an biwo pwovizwa apre li te ranpote 56% vwa yo nan dezyèm tou eleksyon an nan mwad Desanm nan.

Ignacia Romero se yon patizan misye.

"Lap yon jen prezidan ki konprann jenes la ak moun diferan seks yo. Sa peyi a bezwen se pa yon moun kap chache volè lajan pep la pou anrichi tèt li men pito yon moun kap travay pou peyi a," li deklare.

Yon pakèt moun kanpe devan biwo a ak espwa dèske yap kapab wè prezidan eli a, pale avè'l, ba li kado, lèt ak petisyon.

Non kay la, "La Moneda", fè referans ak palè a ki se syèj gouvènman an ke li pral okipe apati Vandredi.

Nuri Flores te tann plizyè èd tan pou rankontre Boric.

"Gen anpil bagay nap tann. Mwen kwè pèp la kwè nan li. Li pap egoyis. Mwen pa konn kijan pou'm di'l. Mwen pa vle ofanse okenn moun. Men nou gen anpil bagay nap tann de li," Nuri deklare.

Boric chwazi yon katye popilè ki a yon distans 30 minit a pye ak La Moneda pou nouvo rezidans prezidansyèl li.

Fiyanse misye - futur premye dam Irina Karamanos - pral abite nan kay la, ki sitye nan katye istorik Yunguay nan mitan Santiago, kote kèk chanjman deja evidan.

Carlos Noriega gen yon boutik nan katye a.

"Nou gen lapolis 24 hè sou 24, nou pat gen sa anvan. Nou te konn wè lapolis men pa osi souvan ke kounyea," misye fè konnen.

Moun nan zon nan bat bravo pou desizyon prezidan an pran pou'l viv nan katye popilè sa a tandiske predesesè li yo te chwazi pou yo rete nan "barrio alto" - setadi katye boujwa.

Eduardo Brieva gen yon magazen disk nan katye a.

"Se yon ekselan ide pou prezidan an vinn rete nan katye sa a paske lot prezidan yo chwazi al viv lot kote. Se yon bon bagay," Eduardo deklare.

Boric va prete sèman nan youn nan epok pi konplike peyi Amerik di Sid sa a konstate depi retou li a yon gouvènman demokratik an 1990.

Defi sekirite nan no ak sid la, enflasyon ki monte 17 wotè ak pri petwol la ki chè - pral vinn pi grav apre envazyon La Risi fè nan Ikrèn nan. Chili enpote prèske mwatye petwol li, donk se pral yon gwo defi pou Prezidan Boric leve.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG