Nan peyi Chili, sekouris yo di premye nan 33 travayè minn kwiv ki bloke anba tè yo kapab soti semén pwochèn nan, otorite yo di a pati yè mèkredi a, yon drill ki ap kreye chemen pou sove minè yo te a 100 mèt de yo e li ka rive kote yo ye a bò vandredi 8 septanm 2010 la a.
Men enjenyè ki responsab efò sekou yo, Andre Sougarret di operasyon yo rive nan yon faz konpak e delika.
Li ajoute lè yo rekòmanse fouye, yo pral bezwen pran plis prekosyon e operasyon yo prale pi dousman. 33 mesye yo bloke anba tè lè minn kwiv la te efondre nan nò peyi Chili nan dat 5 out ane sa a.