Accessibility links

Breaking News

Yon Kout-Je Sou Lavi Ayisyen nan Peyi Chili


Drapo yon etwal Peyi Chili a.
Drapo yon etwal Peyi Chili a.

Chili se yon peyi nan Amerik di Sid la ki pa prè Ayiti ditou-ditou; pa egzanp kapital li a, vil Santyago, sitiye sou yon distans anviwon 3500 kilomèt ak Pòtoprens, kapital Ayiti a. Malgre gwo separasyon jewografik sa a, Chli tounen pandan ane ki sòt pase yo youn nan destinasyon ki pi enpòtan pou Ayisyen k ap kite peyi yo. Pa egzanp, an 2010 –ane kote yon tranblemanntè te devaste Pòtoprens ak kèk lòt vil tankou Leyogàn, Tigwav, ak Jakmel- te genyen mwen ke 5 mil ayisyen nan Chili. Jounen jodi a, akoz sitwayen ayisyen k ap pran avyon pa bann e pa pakèt pou yo ale nan peyi sid-ameriken an, kantite a depase 100000 (san mil), daprè ajans Inter-American Dialogue ki baze nan Washington.

Repòtè Miami Herald Jacqueline Charles te pibliye yon atik nan kòmansman mwa mas 2018 la, kote li di majorite imigran sa yo se jenn kap kite peyi yo pou yo chache yon pi bon chans siksè sou plan ekonomik la, sètadi pou yo ale dèyè yon lavi miyò. Men, daprè Ms. Charles, se pa toutan Ayisyen sa yo jwenn lavi amelyore yap chache a; souvan se ak gwo desepsyon yo aprann konnen kisa lavi a ye vrèman o Chili.

Ansyen prezidan Peyi Chili, Michelle Bachelet (agoch) ki t ap pale avèk nouvo Presidan an, Sebastian Pinera, pandan Premyè Dam tou nèf la, Cecilia Morel Pinera, rete bò kote mari li.
Ansyen prezidan Peyi Chili, Michelle Bachelet (agoch) ki t ap pale avèk nouvo Presidan an, Sebastian Pinera, pandan Premyè Dam tou nèf la, Cecilia Morel Pinera, rete bò kote mari li.

Sou administrasyon Prezidan Michelle Bachelet --ki kite pouvwa a dimanch 11 mas 2018 la pou yon nouvo lidè, Sabastian Pinera-- gouvènman chilyen an te vini avèk “yon seri de politik piblik” ki elimine kèk baryè sosyal epi ankoraje enklizyon nan sosyete chilyèn nan etranje kap antre an pann kantite nan Chili, tankou sitwayen peyi d Ayiti ak lòt peyi sid-ameriken. Pami dispozisyon egzekitif nouvo sa yo, gen youn ki elimine kondisyon 5 kan residans anvan pou yon imigran kapab resevwa asistans Leta pou l lwe ou achte yon kay.

Youn nan pwoblèm ki poze pou Ayisyen yo, se le fèt ke yo pa sèl imigran ki ale chache travay nan Chili; yo gen konkiran ki sòti nan peyi ki pi prè Chili, tankou Pewou, ak lòt ki pi lwen toujou tankou Repiblik Dominikèn. Yon lòt faktè moun dwe pran an konsiderasyon pou eksplike chwa Chili kòm peyi destinasyon imigran Ayisyen yo, se aplikayon règleman imigrasyon ki pi sevè nan peyi kote, tradisyonèlman, Ayisyen abitye al chache travay, peyi tankou Lèzetazini, Repiblik Dominikèn ak lòt ankò.

Denye nouvèl yo fè konnen sèvis imigrasyon chilyen an pran dispozisyon pou l mete yon fren nan gwo flo imigran ayisyen sa yo, paske gen prèv ki monte yo pa reyalize vrèman kondisyon pou yo antre nan peyi a: yo pa gen yon rezèvasyon otèl ki obligatwa epi, antwòt, pa gen pèsonn vrèman o Chili ki te envite yo e ki pare pou resevwa yo. Alòs, sèvis imigrasyon nan Santyago pran dispozisyon pou li refoule sou Pòtoprens anpil vwayajè ayisyen ki antre nan move kondisyon sou tèritwa chilyen an.

XS
SM
MD
LG