Accessibility links

Breaking News

Chili Onore 33 Travayè Minn Yo


Nan peyi Chili, 33 travayè minn ke yo te reyisi libere nan kòmansman mwa a apre yo pase plis pase 2 mwa bloke anba tè resevwa onè pandan yon reyinion espesyal ki dewoule nan La Moneda a , palè prezidansyèl la nan Santiago, kapital peyi a.

Prezidan chilyen an Sebastian Pinera te òganize rankont sa a kote li remèt yon drapo chilyen bay 32 travayè minn . Sèl sitwayen bolivyen ki te pami mesye yo resevwa li menm yon drapo Bolivi.

Minye reskape yo fè yon kopi Phoenix la , aparèy sa a ki te monte avèk yo soti anbatè a nan dat 13 oktòb pase a . Mesye Pinera te tou pwofite okazyon an pou l fè lwanj pou Luis Urzua ki te responsab an chèf lè minn San Jose a te efondre 5 out la .

Urzua te dirije travayè yo pandan premye 17 jou apre efondreman an kote li goumen pou sivivan yo avèk yon ti kal manje ki te genyen anvan yon dril te dekouvri yo.

Apre seremoni an , Prezidan Pinera te pran tèt yon ekip foutbòl avèk responsab gouvènman an pou te jwe yon match kont minye reskape yo.

Travayè minn yo pèdu match amikal sa a.

XS
SM
MD
LG