Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Konferans Episkopal Ayisyen an Felisite Travay Karavann Chanjman an


Prezidan Konferans Episkopal Ayisyen an, Kadinal Chibly Langlois.
Prezidan Konferans Episkopal Ayisyen an, Kadinal Chibly Langlois.

Kadinal Chibly Langlois bat bravo pou desizyon gouvènman ayisyen an pran pou Karavan Chanjman an vin repare wout ak ranje pwoblèm agrikilti nan Sid peyi a.

Monseyè Langlois di li swete travay Karavann nan ap dire lontan. Lidè legliz Katolik la remèsye tou kominote entènasyonal la kap soutni pwojè a.

Kadinal la pale konsa pandan yon mès selebrasyon fèt patwonal la 15 out l. Plizyè otorite nan gouvènman an pami yo Premye Minis Jacques Guy Lafontant te prezan.

Korespondan Lavwadlamerik Jean Hernst Eliscar pote plis detay nan odyo a ki anba tèks la.

Yon repòtaj korespondan Lavwadlamerik Jean Hernst Eliscar sou fèt patwonal la nan Okay
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:43 0:00

XS
SM
MD
LG