Accessibility links

Breaking News

Edmond Mullet Menase Pou Nasyonzini Kite Ayiti


Chèf sivil Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti (MINUSTAH) Edmond Mullet fè konnen kominote entènasyonal la pap aksepte pou Prezidan René Préval kite pouvwa a avan 7 Fevriye.

Diplomat la reponn sektè politik k ap mande depa mesye Préval apre dewoulman eleksyon 28 novanm pase yo ki dapre anpil sektè nan vi nasyonal la te genyen iregilarite , koken ak zak vyolans.

Diplomat gwatemaltèk la ki reprezante Sekretè Jeneral l’ONU an ann Ayiti la di ankò fòk ayisyen yo aprann respekte manda yon prezidan e sispann zafè kou deta nan peyi a .

E mesye Mullet fini rapousuiv ak yon menas pou Nasyonzini ak komunote entènasyonal la leve kite Ayiti e koupe tout asistans ekonomik si tout prensip yo pa respekte tankou vòt popilè, manda prezidansyèl e latriye.

Korespondan nou yo devlope nouvèl sa pou nou ak lòt pwen k ap domine aktyalite a nan Pòtoprens ak lòt vil peyi Dayiti.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande repòtaj jounen 3 desanm 2010 la.

XS
SM
MD
LG