Accessibility links

Breaking News

Chèchè yo ap travay pou elimine Malarya


Chèchè yo ap travay pou elimine Malarya
Chèchè yo ap travay pou elimine Malarya

Chèchè yo prevwa yo kapab elimine tip malarya ki pi mòtèl la si yo rive redui kantite marengwen ki bay maladi a pou l rive nan nivo kantite a te ye nan ane 2007 (se yon marengwen ki gen non syantifik “Plasmodium Falciparum” ki koze maladi malarya).

Savan yo kreye yon baz de done kote yo itilize estatistik ak kat jewografik ki montre jan sitiyasyon an ye nan kèk zòn kote yo rive elimine maladi a, tankou Lèzetazini, plizyè eta ewopeyen ak plizyè peyi kote yo preske elimine maladi a.

Se Andrew Tatem –yon pwofesè nan Inivèsite Florid la—ki te dirije etid ki montre li posib pou yo elimine malarya totalman sou latè.

Misye Tatem pale de divès faktè ki te ede yo derasinen maladi a nan kèk peyi. Pami faktè sa yo genyen : kondisyon ki elimine ou diminye risk pou maladi a pran pye pou kòmanse, estabilite politik, yon bon sistèm sanitè, yon nivo mouvman popilasyon ki ba ase pou enpeche moun pote enfeksyon yo pran lòt kote.

Chak ane, malarya touye plis pase yon milyon moun k ap viv nan peyi kote maladi a egziste nan yon eta andemik. 90% nan ka lanmò yo rive nan peyi afriken ki anba Dezè Sahara a, kote Andrew Tatem di kèk siyn montre gen pwogrè ki fèt nan lit kont maladi a.

Daprè pwofesè a toujou, etid la montre kèk peyi afriken ranfòse efò y ap fè pou yo lite kont malarya. Pami peyi sa yo genyen Tannzani, Kenya ak Botswana.

XS
SM
MD
LG