Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Denonse Sipremasis Blan yo


Gwoup sipremasis blan yo ki tap manifeste nan Charlottesville, Vrijini pou mande gouvènman lokal la pa retire estati kòmandan lame rebèl la gè sivil la, Jeneral Robert Edward Lee, ki sou plas Emansipasyon an. 12 out 2017. (Foto: Alan Goffinski via AP)
Gwoup sipremasis blan yo ki tap manifeste nan Charlottesville, Vrijini pou mande gouvènman lokal la pa retire estati kòmandan lame rebèl la gè sivil la, Jeneral Robert Edward Lee, ki sou plas Emansipasyon an. 12 out 2017. (Foto: Alan Goffinski via AP)

Prezidan ameriken an, Donald Trump, denonse sipremasis blan ki lye ak rasanbleman popilè samdi 12 out 2017 pase a nan vil Charlottesville, eta Virjini, kote li di rasism se yon bagay ki malouk.

Lendi 14 out la, Mesye Trump site dirèkteman non gwo rasis tankou Ku Klux Klan, Neyo-Nazi ak sipremasis blan li di ki se kriminèl ak malfektè e yo reprezante yon repiyans pou tout prensip ki enpòtan pou sitwayen ameriken yo.

Yon jèn fi pèdi lavi li lè yon jèn òm te antre machin li sou foul la. 2 polisye ki tap suiv manifestasyon an nan elikoptè, pèdi lavi yo lè aparèy la tal kraze nan yon aksidan fatal. Rezidan Charlottesville yo te òganize yon veye dimanch 13 out 2017 la nan aswè nan moman pwotestatè yo te rasanble nan plizyè vil isit Ozetazini pou leve lavwa kont zak vyolans epi kritike Prezidan Donald Trump dto li pat rive kondane aklè e komsadwa gwoup ekstrèm dwat kap opere sou teritwa ameriken an.

Prezidan Trump pandan diskou li lendi 13 out la, sèmante pou rann responsab nenpòt moun ki komèt zak vyolans ki baze sou rezon rasyal. Sepandan, tankou pwofesè Frantz Antoine Leconte eksplike nan mikwo Jacquelin Belizaire, pifò gwoup rasis sa yo te apiye kandida Donald Trump lè li tap mennen kanpay pou vin prezidan Etazini.

Klike sou videyo a pou suiv deklarasyon Prezidan Trump la ak kòmantè Pwofesè Frantz Antoine Leconte ki tap reponn kesyon Jacquelin Belizaire.

Prezidan Ameriken an, Donald Trump, Kondane Atak sou Manifestan Anti-Rasism yo nan Charlottesville
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:09 0:00

XS
SM
MD
LG