Gwo vedèt chanson amerikèn, Whitney Houston, mouri nan vil Los Angeles; li te genyen 48 tan. Whitney Houston, ki te ranpòte Pri Grammy an plizyè fwa, rann dènye soupi li nan yon chanm otèl katye Beverly Hills, nan vil Los Angeles, samdi 11 fevriye 2012 la. Otorite yo poko detèmine koz lanmò a; men genyen yon ankèt ki sou pye. Pandan ki ane pase yo, vedèt amerikèn nan t ap konfwonte gwo pwoblèm ak abi dwòg ak alkòl.
Whitney Houston vann plis pase 170 milyon albòm; konsa, manmzèl se youn nan atis nan lemond ki vann plis CD, plak oubyen kasèt mizik. Premye albòm li te mete sou mache a nan lane 1985, te genyen plizyè “hit” ladan n –pami yo nou jwenn chanson ki rele “I will Save all my Love for You.”
Talan ekstwòdinè Whitney Houston te genyen te pèmèt li reyalize sa yo rele nan mond atistik la Ozetazini “yon cross over”, sètadi li te kite domèn chanson an pou l te lanse yon karyè nan sinema. Sou gran ak ti ekran an, aktris Whitney Houston te patisipe nan tounaj anpil film, pami yo “The Body Guard” ki te genyen anpil siksè nan kòmansman ane 90 yo.
Witney Houston te marye ak chantè Bobby Brown, yon maryaj ki te dire ant 1992 e 2007. Nan divès entèvyou vedèt la te bay laprès, byen souvan li te lage responsablite a sou do mari li si maryaj la pa t ka mache; vrèmanvre, nan lane 1993, lapolis te arete misye Brown pou «vyolans domestik», sètadi vyolans yon manm koup la komèt sou lòt la.
Whitney Houston te sipoze patisipe nan seremoni Remiz Pri Grami yo (Grammy Awards) dimanch swa nan Los Angeles; se, antwot, rezon sa a ki fè li te ale nan vil la. Nouvèl yo fè konnen responsab yo deside kontinye ak pwogram seremoni an kanmèn, e yo pral sèvi avè l pou yo rann yon omaj espesyal pou gwo vedèt la. La fanmi Houston poko anonse okenn aranjman pou antèman an.