Accessibility links

Breaking News

Etazini: Adaptasyon yon Seri Chante sou Gè Sivil la pou 21èm Syèk


Gen plis pase yon santèn lane depi Gè Sivil te rive dewoule Ozetazini; men se ak emosyon toujou pèp ameriken an pale de konfli sa a.

Direktè Peter Sellars pran yon seri mizik konpozitè George Crumb (ki se yon gayan Pri Pullitzer la) e li modènize yo.

Jan li adapte youn nan chante Crumbs te ekri “Van Destine” ki devlope kèk tèm ki gen rapò ak epòk Gè Sivil la, se yon stil ki trè pwovokatè.

Peter Sellar di sa k te atire atansyonn l nav chante George Crumb la, se le fèt ke li fin pa konprann sitiyasyon an Ozetazini jounen jodi a sanble egzakteman ak jan sa te ye pandan Gè Sivil la ki te dewoule sa genyen plis pase 150 lane.

Li pale pou l di : “Kalite kòlè ak move santiman moun k ap viv nan yon bò Lèzetazini montre vizavi sila yo ki abite nan yon lòt bò peyi a, se yon bagay ki anmè ; se menm solitid, e menm gou anmè, gou sale sa a chante yo montre - e se menm bagay la ki te egziste nan period Gè Sivil la. Ou jwenn ekspresyon santiman sa yo nan chante tankou The battle Hymn of Republic, When Johnny Comes Marching Home avèk seri chante ki gen pou tit Shenandoah e ki pale de espwa, atant ak esperans.

Sete chante Ameriken yo te konn chante lè peyi a te divize, e yo reflete non sèlman emosyon entans ki gen rapò ak divizyon an, men tou yo eksprime espwa sitwayen tout kote nan peyi a te genyen pou yo refè inite ankò.”

XS
SM
MD
LG