Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Foutbòl Feminen an Ap Kontinye


Alman yo pase Afrik di Sid yon rakle 10 a 1 pou yo kalifye pou kar de final tounwa a nan gwoup B a.

Kore di Sid kalifye pou kar de final la tou apre yo wouze Meksik 4 a 1.

Meksik ak Afrik di Sid elimine.

Nan lòt rankont ki jwe nan gwoup A a òganizatè konpetisyon an Trinidad and Tobago tonbe 2 a 1 fas a Nijerya epi Kore di Nò siprann chili ak yon viktwa 3 a 0.

Nijerya ki ranpòte 2 viktwa kalifye pou kar de final la. 2èm plas la toujou an diskisyon ant Trinidad and Tobago ak Kore di Nò --chak peyi sa yo gen 3 pwen.

Jodi a chanpyona a ap rapousib nan gwoup C a Japon ap rankontre Venezuela epi Nouvèl Zeland kont Espay.

Nan gwoup D a Irland ap rankontre Kanada epi Gana kont Brezil.

Delegasyon enspektè FIFA twouve l nan Miami kote y ap enspekte enstalasyon spòtif eta a.

Delegasyon an te vizite Washington mèkredi 8 septanm nan.

Etazini se youn pami peyi ki kandida pou akeyi koup dimond 2018 la ou byen 2022 a.

XS
SM
MD
LG