Accessibility links

Breaking News

Chanpyona Foutbòl Ewopeyen an ap Kontinye


Klub Italyen Inter de Milan ap kòmanse defann tit lig chanpyon Ewopeyen an lè l ap rankontre madi 14 septanm nan klub Olandè FC Twente pou ouvèti gwoup Ewopeyen yo ak patisipasyon 32 klub k ap soti nan 18 peyi.

Angletè se sèl peyi ki gen 4 reprezantan nan etap sa a. Apre sa nou jwen Espay, Almay, ak la Frans ki gen 3 reprezantan yo chak. La Oland, Pòtigal, la Rusi gen 2 prezantan. Danmak, Ekòs, Grès, Izrayel, Woumani, Slovaki, la Swis, Tuki ak Ukrèn gen yon reprezantan yo chak.

Favori yo se Inter de Milan, Reyal Madrid, Manchester City.

Milan AC espere pral chache yon 8èm tit, manchester United, Arsenal ak Chelsea espere ale pi lwen san bliye FC Barselòn ak Real Madrid, Bayer de Munick.

Ajax Amsterdam, AS Wòm ak Lyon kapab simen la troublay. Nouvo venu yo Braga, Tottenham Hotspurs kapab kreye sipriz.

5 match enpòtan pou madi 14 Septanm nan se Real Madrid kont Ajax, Valencia kont Manchester United, Milan AC kont Real Madrid, AS Ròm kont Bayern de Munik, epi Marseille/ Chelsea.

XS
SM
MD
LG