Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chanm Depite a Vandalize nan Moman Premye Minis Nome a Tap Pare pou Vin Prezante Politik Jeneral li


Lokal chanm depite ayisyen an depite opozisyon sakaje pou anpeche seyans ratifikasyon premye minis nome a fèt. Foto: Renan Toussaint, 3 septanm 2019.
Lokal chanm depite ayisyen an depite opozisyon sakaje pou anpeche seyans ratifikasyon premye minis nome a fèt. Foto: Renan Toussaint, 3 septanm 2019.

Sal seyans chanm depite a sakaje nan moman Premye Minis nonmen an Fritz William Michel tap pare pou l vin fè enonse politik Jeneral li devan asanble a madi 3 septanm 2019 la.

Aksyon sa a poze apre biwo chanm depite a fin envite Premye Minis nonmen an Fritz William Michel pou l vinn fè enonse politik jeneral li devan asanble a ansanm ak manm kabinè ministeryèl la.

Komisyon ki tap ankete sou dosye PM nonmen an ak manm kabinè a renmèt rapò l bay biwo chanm bas la.

XS
SM
MD
LG