Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ayisyen an Ekzije Demisyon 3 Manm Nan Nouvo Gouvènman an


Palmantè Ayisyen ap Vote
Palmantè Ayisyen ap Vote

72 depite ki soti nan tout tandans nan chanm bas la vote yon rezolisyon vandredi swa pou mande demisyon san pèdi tan minis justis lan, Josué Pierre-Louis, minis enteryè ak defans nasyonal la, mèt Thierry Mayard Paul, sekretè deta afè etranjè, Michel Brunache. ak chèf pakè pwovizwa a, Felix Léger.

Palmantè yo rann pèsonalite sa yo responsab arestasyon ilegal depite Arnel Bélizaire. Depite yo di yo pa rekontè otorite moun sa yo apati piblikasyon rezolisyon sa a. Depite Arnel Bélizaire ki te jwenn liberasyon l nan jounen 28 oktob la apre lapolis te finn arete l lavèy, te patisipe nan seyans chanm bas la.

Depite yo presize nan rezolisyon an si 2 minis yo, sekretè deta a ak komisè gouvènman an pa demisyone yap entèpele tout kabinè ministeryè la lè yo sot an vakans dezyèm lundi janvye 2012.

Komisè gouvènman an repwoche depite Delmas/Tabarre la, Arnel Belizaire, deske li te sove nan prizon nan lane 2005.

XS
SM
MD
LG