Accessibility links

Breaking News

OMS di Mond lan Dwe Aji pou Anpeche Pwopagasyon Varyan Omikronn nan


Direktè Jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki te pran lapawòl devan yon sesyon espesyal òganizasyon mondyal la nan vil Jenèv, nan Laswis.
Direktè Jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, ki te pran lapawòl devan yon sesyon espesyal òganizasyon mondyal la nan vil Jenèv, nan Laswis.

Oganizasyon mondyal Sante (OMS) fè konnen mekredi 8 desanm espesyalis sante yo gen anpil bagay pou yo aprann sou nouvo varyan koronaviris la, Omikronn; men mond lan pa san defans devan li e peyi yo dwe prese pase a laksyon pou anpeche li gaye.

Nan yon konferans pou laprès direktè jeneral OMS la, Tedros Adhanom Ghebreyesus, bay nan katye jeneral òganizasyon an nan Jenèv, li di espesyalis yo deja detekte varyan Omikronn nan nan 57 peyi e chif la ka ogmante.

Doktè Tedros ajoute Omikronn nan gen konpòtman pa l, antwòt jan li pwopaje nan lemond e tout kantite chanjman li deja sibi yo montre li ka gen gwo konsekans sou kous pandemi a. Li pral enpotan pou peyi yo kontwole avek anpil prekosyon sa ki rive nan mond la pou moun ka konprann si Omikronn nan ka tounen varyan k ap domine nan pandemi an. èò

Tedros Adhanom Ghebreyesus di malgre nou poko gen repons pou kèk kesyon enpòtan, lemond pa san defans devan ni varyan Omikronn nan ni varyan Delta, men peyi yo dwe pase alaksyon kounye la menm.

XS
SM
MD
LG