Accessibility links

Breaking News

Yon Gwoup Moun nan Hench Bloke Wout Prensipal Ki Mennen Cerca Carvajal la Kote Yap Mande Travay


Wout prensipal Hench la moun nan zòn nan bloke paske konpayi kap fè wout la refize ba yo travay. Foto: Jounalis afilliye VOA, Raphael Givens. 25 septanm 2018 la.
Wout prensipal Hench la moun nan zòn nan bloke paske konpayi kap fè wout la refize ba yo travay. Foto: Jounalis afilliye VOA, Raphael Givens. 25 septanm 2018 la.

Twonson wout Hench ki mennen Cerca Carvajal la bloke maten madi 25 septanm 2018 la dapre jounalis affilye VOA Raphael Givens. Popilasyon nan zòn nan drese barikad ak branch bwa e boule kawochou. Plizyè nan yo ame ak baton, wòch, boutèy e latriye kote yap revandike travay.

Abitan sa yo repwoche konpayi RAZEL kap fè wout Hench pou rive Sen Rafayèl la ki prefere anplwaye moun ki soti lòt kote o lye de moun nan zòn nan kote wout la ap fèt la.

Manistan yo fè konnen bouch yo fann menn jan ak tout moun e yo bezyen mawen pou voye pitit yo lekòl.

XS
SM
MD
LG