Depi lòm kòmanse sèvi ak telefòn selilè, espesyalis yo gen enkyetid kòmkwa siyal radyo aparèy la ap emèt ka koze kansè nan sèvo ak lòt pwòblèm sante. Malgre rechèch ke gouvènman ameriken an, endistri prive ak endepandan fè pandan yon dizèn dane, yo pa jwenn prèv ki ta montre itilizasyon telefòn selilè gen danje ladan n. Men inkyetid la te pèsiste.
Men kounye a yon nouvo etid jwenn ke lè yon moun itilize telefòn selilè pandan o mwen 50minit san rete, sa vin ankouraje aktivite metabolik selil sèvo a moun nan, sitou selil ki pi prè zòréy la. Men chèchè yo di yo pa konnen kisa sa vle di egzakteman.
Anketè yo te fè etid sou 47 moun ki an sante ant mwa janvye ak mwa desanm 2009; yo te swiv aktivite selil sèvo yo gras ak yon aparèy sofistike ki montre imaj teknik ki rele an anglè “Positron Emission Tomography” oubyen PET”. Se yon sòt de skanè ki montre egzakteman kouman “neuron” lòm gen nan kò li itilize oswa metabolize glikoz ak lòt kalite sik pou pwodui enèji.
Pandan PET a t ap pran foto sèvo a, volontè ki t ap patisipe nan etid la te gen yon telefòn nan 2 bò zòrèy yo. Youn nan telefòn yo te aktive, men yo te mete l sou silans, pandan nanviwon 1èd tan tandiske lòt telefòn nan te fèmen. Nan 2èm faz eksperyans la, imaj PET ki montre sèvo patisipan yo te parèt pandan yo te etenn telefòn ki te bò zòrèy yo a.
Etid la montre metabolism ke glikoz pwovoke te rive nan yon pwen kote aktivite selil sèvo yo te 7% pi wo nan pati sèvèl la ki te pi pre antèn telefòn nan. Dènye etid sou efè biyolojik itilizasyon telefòn selilè a parèt nan jounal Asosyasyon Medikal Amerikèn nan.