Accessibility links

Breaking News

CDC Demanti Nouvèl ki fè Konnen li ta Asosye Sòlda Nepalè yo ak Prezans Kolera a ann Ayiti


CDC Demanti Nouvèl ki fè Konnen li ta Asosye Sòlda Nepalè yo ak Prezans Kolera a ann Ayiti
CDC Demanti Nouvèl ki fè Konnen li ta Asosye Sòlda Nepalè yo ak Prezans Kolera a ann Ayiti

CDC (Sant kontwòl ak prevansyon maladi Lèzétazini an) ki baze nan vil Atlanta, nan Eta Jòji, demanti nouvèl ki fè konnen li ta asosye twoup militè nepalè ki fè pati MINUSTAH a avèk eklatman maladi kolera a nan peyi Dayiti. 2 savan CDC, Scott Dowell ak Christopher Braden, fè konnen rapò ki parèt sou dosye a nan semèn nan prezante sèlman, n ap site : « Prèv sikontansyèl kòmkwa matyè fekal ki te nan yon rivyè ki debouche sou flèv Atibonit la ta reprezante kòz prezans epidemi an ann Ayiti. »

Youn nan 2 savan yo, an palan de Doktè Dowell ki bay ajans nouvèl Reuters yon entèvyou, deklare, n ap site ankò : « Nou pa jwenn konklizyon ki ta fè kwè se sòlda nepalè yo ki pote kolera a ann Ayiti. »

CDC prezante demanti sa a menm si rapò ki asosye sòlda Nepalè yo ak prezans kolera a ann Ayiti te parèt sou sit entènèt sant la. Depi kolera a te eklate nan peyi karayib la, li touye plis pase 5500 moun tandiske genyen plizyè milye lòt ki suiv tretman aprè yo te montre sentòm epidemi an.

XS
SM
MD
LG