Ayiti: 29èm rankont entè-sesyonèl chèf deta ak chèf gouvènman peyi manm CARICOM yo (Blòk Ekonomik Karayib la) ki dewoule nan Pòtoprens lendi 26 ak madi 27 fevriye a, fini douvan jounen mèkredi 28 la nan Otèl Marriott aprè piblikasyon deklarasyon final somè a. Se Lidè ayisyen an, Jovenel Moise --aktyèl prezidan rotatif òganizasyon rejyonal la pou 6 mwa donk jiska mwa jwen 2018 la-- ki te li dokiman an.
Deklarasyon final la fè konnen, apati de 30 mas kap vini la a, tout ayisyen ki gen paspò ofisyèl e diplomatik --ou ki gen viza Kanadyen, Ameriken, Shengen (sa vle di viza Unyon Ewop la bay) kapab vwayaje san obligasyon viza nan peyi manm CARICOM yo.
Sepandan delege yo pa vote pwopozisyon ki ta mande pou CARICOM adopte lang franse a kòm lang ofisyèl travay òganizasyon mache komen karayib la. Rezon an, dapre sa k di nan dokiman an, se paske sa ta mande anpil lajan pou tradui dokiman yo de lang anglè a a lang franse a, e sanble CARICOM poko dispoze resous pou yon travay konsa.
Delege yo te abode tou divès lot kesyon ki enterese rejyon Karayib la: tankou : krim, sekirite, rekonstriksyon ak asurans apre sillòn, epi lib sikilasyon moun ak byen nan rejyon an. Pwochen somè CARICOM nan pral dewoule nan La Jamayik nan mwa jiyè pwochen an.