Accessibility links

Breaking News

Mèt Camille Edouard Jr. Ap Fè Fas ak yon Manda Damne Lajistis


Mèt Camille Edouard Junior, ansyen minis jistis sou gouvènman pwovizwa Jocelerme Privert a.
Mèt Camille Edouard Junior, ansyen minis jistis sou gouvènman pwovizwa Jocelerme Privert a.
Ayiti-Jistis: Ansyen minis jistis Camille Edouard Junior pap prezante devan komisè gouvènman Mèt Ocnamé Clamé Dameus, dapre sa avoka li yo rapòte.
Avoka yo di yo pral plede sou ilegalite manda chèf Pakè Potoprens lan emèt kont kliyan yo a.

"Entimidasyon" se mo avoka kap defann ansyen minis jistis sou gouvènman pwovizwa Jocelerme Privert a, kalifye desizyon komisè Dameus la ki mete yon manda damne deye ansyen minis Jistis la Camille Edouard Junior.

Mèt Berto Dorce ak Franck Vaneus di laprès yo deside al plede ilegalite manda sila a paske se zafè politik li ak regleman kont Komisè Dameus ap regle nan dosye a.

Semèn pase yo, Komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Ocname Clamé Dameus, te enpoze restriksyon vwayaj sou 2 minis ansyen gouvènman enterimè Prezidan Joceleme Privert a.

Chèf Pakè Pòtoprens la ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik te fè konnen rezon ki fè li entèdi ansyen Minis Finans Yves Bastien ak ansyen minis jistis la mèt Camille Edouard Junior vwayaje se pou pèmèt li jwenn eksplikasyon sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje epi sou disparisyon yon fon asistans pou prizonye yo.

Ansyen Minis finans gouvènman enterimè a, Yves Bastien, bò kote pal di li pa konprann rezon ki dèyè desizyon komisè gouvènman an menm si li rekonèt genyen yon ankèt kap mennen sou kontra leta ayisyen te siyen ak yon antrepriz etranje.

XS
SM
MD
LG