San Ansyen Prezidan George W. Bush ak Barack Obama pa nonmen non Prezidan Donald Trump, sanble yo rann li responsab pou divizyon kap grandi chak jou nan mitan pèp amerken an.
2 ansyen prezidan ameriken, Demokrat Barack Obama ak Repibliken George W. Bush, eksprime opinyon yo sou eta aktyèl politik la Ozetazini.
Misye Bush, ki te pran lapawòl nan jounen jedi 19 oktòb la nan New York nan yon seremoni ki tap dewoule nan Enstiti Bush pou Fowòm Nasyonal sou Libète, deklare :
“Pwovokasyon ak prejije nan vi politik la Ozetazini tabli yon ton nasyonal, sa bay moun pèmisyon pou yo aji yon fason kriyèl e rayisab, epi menase edikasyon moral timoun nou yo. Sèl fason pou nou bay nouvèl jenerasyon an prensip sivik, se tou dabò pou nou menm, nou kòmanse pa aplike prensip sa yo.”
Ansyen prezidan repibliken an ajoute li regrèt sa li konsidere kòm divizyon ki genyen sou sèn politik la; e li fini pa di: “Pafwa, sanble fòs kap lage divizyon pami nou pi fò pase fòs kap soude nou ansanm.”
Bò kote pa l, ansyen prezidan demokrat Barack Obama, ki tap pale nan vil Richmond, nan Eta Vijini, kote li tap mennen kanpay pou kandika pou pòs gouvènè a, Ralph Northam, daklare:
“Olye pou politik nou reflete prensip nou yo, nou sèvi ak politik pou n lage pwazon nan mitan kominote nou yo. Olye nou chache mwayen pou nou travay ansanm epi fè bagay yo fèt yon fason pratik, genyen moun ki fè eksprè yap vekse lòt moun; nap lage vèvi sou lòt moun paske tou senpleman yo pa genyen menm opinyon avèk nou.”
Okenn nan 2 ansyen pezidan pa nonmen non Prezidan Donald Trump; men sanble se li menm yo te vize ak mesaj yo a.