Accessibility links

Breaking News

Brezil Tounen 6èm Pi Gwo Ekonomi nan Lemond


Prezidan Brezilyen an Dilma Rousseff
Prezidan Brezilyen an Dilma Rousseff

Yon gwoup rechèch ekonomik trè zenpòtan fè konnen Brezil pase devan peyi La Grand Bretay kòm 6èm pi gwo ekonomi nan lemond. Gwoup sa a, ki rele «Sant pou Rechèch Ekonomik ak Biznis » e ki base jisteman nan vil Lond, kapital britanik la, pale pou l di La Grand Bretay pèdi plas li pandan ane 2011 la, e li byen kapab desann pi ba nan klasman mondyal la. Malgre bon nouvèl sa a, minis finans brezilyen an, Guido Mantega, di Brezil vle ale pi lwen ke sa toujou.

Misye Mantega deklare : "Brezil espere tounen 5èm. puisans ekonomik mondyal vè ane 2015, kote li pral pran devan peyi Lafrans."

Siksè ekonomik Brezil la repoze sitou sou ekspòtasyon pwodui manifaktire, metal tankou fè, ak pwodui agrikòl ki ale nan rejyon Ekstrèm Oryan an. An 2010 peyi a te pran 7èm plas la nan men Itali sou lis puisans ekonomik mondyal yo.

XS
SM
MD
LG