—FIFA fè konnen lap sèvi ak rankont kar de final yo pou voye yon mesaj klè kont rasism ak tout lòt fòm diskriminasyon pandan l ap apiye seleksyon ki nan kous la toujou.
—Federasyon Foutbòl Sèbi a pote apyi li bay Radomir Antic, antrenè seleksyon nasyonal la, malgre sèb yo elimine nan premye tou koup dimond la. Nan yon nòt pou laprès federasyon an pibliye, li fè konnen evalyasyon rezilta patidsipasyon ekip la nan mondyal la se youn, men travay pou mete an plas yon pwogram alontèm se yon lòt.
—Nouvo antrenè Italyen an, Cesare Prandelli, deklare li gen anpil espwa nan avni seleksyon Azzurri a apre eliminasyon ekip la nan premye tou koup dimond la. Mesye Prandelli di li vle mete sou pye yon bon seleksyon ak jwè ki gen kalite. Nouvo antrenè a, ki gen 52 an, gen entansyonn retounen ak gadyen seleksyon an, Gianluigi Buffon , pandan seri eliminatwa Ewo 2012 la; Buffon ap soufri ak yon doulè nan do.
—Yon lòt kote nimewo 10 seleksyon nasyonal Japon an, Shunsuke Nakamura, anonse retrèt li sou sèn entènasyonal la apre defèt japonè yo sou tir de penalite fas a Paragwe nan 8èm de final la. Nakamura ap mete fen nan karyè entènasyonal li ak yon palmarès 98 match e 24 gòl li make pou seleksyon an. Bò kote pa l, federasyon foutbòl japonè a ap chache yon nouvo antrenè apre Takeshi Okada ensiste pou l bay demisyon l. Federasyon an espere jwenn yon ranplasan avan fen mwa jiyè a.
—Antrenè seleksyon nasyonal Kore di Sid la, Huh Jung-moo, konfime nouvèl ki fè konnen li gen entansyon pou l pa renouvle kontra l nan tèt ekip la, yon kontra k ap fini nan fen ane a. Federasyon foutbòl Sidkoreyen an te deja anonse li espere seleksyon an pral gen yon nouvo antrenè anvan le 10 jiyè.
—Antrenè seleksyon ameriken an Bob Bradley di li tap kontan anpil si federasyon foutbòl ameriken an konfime l nan pòs la. Federasyon an kapab pran yon desizyon disi yon mwa.
=====================================================
Sou pwogram jodi a vandredi 2 jiyè a ann Afrik di Sid:
Sou afich la nou gen dabò, Brezil ak La Oland. Nan moman n ap ekri atik sa a (11 zè di maten nan Washington, DC, 10 zè AM nan Pòtoprens) , 2èm mitan an fèk kòmanse, apre premye pati a te fini sou yon skò 1-0 pou Brezil; bitè brezilyen an rele Robinho.
Nan 2èm rankont la, reprezantan kontinan afriken an, Gana, pral woule balon ak Irigwe.