Accessibility links

Breaking News

Brezil: Akizasyon ap Peze Kont Ansyen Prezidan an


Ansyen prezidan Brezilyen an Luiz Inacio da Silva (foto achiv)
Ansyen prezidan Brezilyen an Luiz Inacio da Silva (foto achiv)

Nan Brezil, komisè gouvènman depose plent devan lajistis kont ansyen prezidan brezilyen Luiz Inacio da Silva alyas Lula anba akizasyon kòmkwa li te mal itilize 5 milyon 700 mil dola lajan leta.

Ministè Piblik peyi a eksplike ke mesye Lula te itilize lajan sa a pou poste 10 milyon lèt bay retrete kote yo fè pwomosyon pou to enterè ba nan lajan yo ka prete nan bank BMG.

Dapre majistra sa yo k ap defann sosyete Brezil la , minis sekirite sosyal nan gouvènman ansyen Prezidan Lula a, Amir Lando, te patisipe nan aktivite illegal sa-a ki te dewoule nana ne 2004.

Ministè Piblik la vle pou mesye Lula ak mesye Lando remèt gouvènman an lajan sa a yo te ilitize nan poste yon pakèt lèt ki pat reprezante yon sèvis piblik.

Ansyen prezidan pa pran okenn pozisyon piblik kont akizasyon sa a.

XS
SM
MD
LG