Accessibility links

Breaking News

Etazini: Brett Kavanaugh Prete Sèman Kòm Jij Kou Siprèm


Brett Kavanaugh prete sèman nan kou Siprèm nan devan Chèf jistis John Roberts nan Washington DC samdi 6 septanm 2018 la.Seremoni dewouel an prezans madam nouvo jistis laAshley ki te kenbe Bib la pou li lè l tap sèmante a, ak 2 pitit fi li yo ki te la tou.
Brett Kavanaugh prete sèman nan kou Siprèm nan devan Chèf jistis John Roberts nan Washington DC samdi 6 septanm 2018 la.Seremoni dewouel an prezans madam nouvo jistis laAshley ki te kenbe Bib la pou li lè l tap sèmante a, ak 2 pitit fi li yo ki te la tou.

Sena Ameriken an vote samdi 6 oktòb 2018 la pou apwouve nominasyon Brett Kavanaugh nan tribunal Siprèm Lezetazini an. Nominasyon sa a rive apre keè semèn konfli kote Jij Kavanaugh te gen akizasyon seksyèl sou do li ansanm ak yon seri atak konsenan karaktè ak tanperaman li.

Daprè plizyè analis ameriken, Jij Kavanaugh ke Prezidan Donald Trump te nomine vin pemèt konsevatè yo gen yon majorite 5-4 nan kou siprèm nan. Nominasyon pou tout lavi sa a vle di, Kavanaugh ki gen 53 zan sou tèt li ka petèt sevi nan tribinal ki pi wo a pandan plizyè dizèn dane.

Jij Kavanaugh ki vin konye a Jistis Kavanaugh ap ranplase Jistis Anthony Kennedy ki te pran retrèt li nan Tribinal Siprem èan. Tribinal la ki sipoze gen nef manm ladan ap opere pou kounya ak selman uit jistis.

Yon dam yo rele Christine Blasey Ford te akize Kavanaugh kòm yon nonm ki gen move kondwit seksyèl. Dam lan ki se yon pwofesè, te fè konnen nan temwayaj li devan Komite Jidisyè Sena a ke Brett Kavanaugh te atake li nan yon kay nan zòn Washington lè yo te adolesan nan ane 1980 yo. Jij Kavanaugh te voye akizasyon pwofese Ford yo jete.

Vandredi 5 oktòb ki sot pase a, Sena a te vote pou limite deba sou nominasyon Jij Kavanaugh a yfasonon pou li avanse vòt konfimasyon an jan sa fèt jounen samdi 6 oktòb la. Anpil manifestan ki kont nominasyon Brett Kavanaugh a te konfwonte senatè yo. Lapolis nan zòn Capital la te arete plizyè santen manifestan.

Prezidan Trump te ekri sou kont Twitter li yon ti tan anvan vot la te fet ke Kavanaugh kapab yon gro jij Tribinal Siprem.

Prezidan Trump te kontinye pou l ekri, "Medam ki pou Kavanaugh yo ansanm ak anpil lòt moun ki sipòte nonm sa ki se yon moun debyen, yo rasanble toupatou nan Capitol Hill la an preparasyon pou yon vòt ant 3-5 apre midi, se yon bèl bagay pou moun wè, yo pa manifestan profesyonèl moun peye pou pote pankat byen chè. Gro jou pou America!"

50 senatè vote pou Jij Kavanaugh; 48 vote kont li. Tout 48 senatè ki vote non yo, se Demokrat. 49 Republican ak yon Demokrat vote pou.

XS
SM
MD
LG