Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Antony Blinken Mande Eleksyon an Ayiti "Anvan Fen Ane a"


Antony Blinken, Sekretè Deta Lèzetazini.
Antony Blinken, Sekretè Deta Lèzetazini.

Nan yon diskou pre-anrejistre Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, pwononse nan yon konferans Konsèy Amerik yo, li lanse apèl bay gouvènman ayisyen an pou mande l fè eleksyon anvan fen ane a. An menm tan tou, chèf diplomasi amerikèn nan mande tout peyi sou kontinan ameriiken an pale ak yon s èl vwa pou yo ankouraje Ayiti òganize eleksyon sa yo. Men deklarasyon tou kout Misye Blinken fè sou Ayiti a:

“Sipò pou demokrasi se yon bagay ki mande tou òganzasyon eleksyon lib e onèt, menm jan sa mande pou nou lanse apèl bay lòt yo pou yo fè menm bagay la. Annou tout pale ak yon sèl vwa pou n ankouraje gouvènman ayisyen an òganize eleksyon lib e onèt anvan fen ane sa a.”

Pandansetan, Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap pare pou l voye yon misyon an Ayiti pou fasilite dyalòg ant divès aktè ki enplike nan rechèch solisyon pou kriz politik la. Anbasadè ayisyen an nan Washington e Reprezantan Pèmanan Ayiti A.I. nan l OEA, Bocchit Edmond, fè konnen misyon sa a baze sou yon rezolisyon Konsèy Pèmanan òganizasyon rejyonal la te vote nan dat 17 mas 2021 e dokiman an te anonse l’OEA vle ofri “bons offices” li bay diferan aktè kriz politik la ann Ayiti.

Bocchit Edmond, Anbasadè Ayiti nan Washington, D.C.
Bocchit Edmond, Anbasadè Ayiti nan Washington, D.C.

Misye Bocchit di delegasyon an pral rankontre avèk non sèlman otorite gouvènmantal yo, men tou tout aktè ki enplike nan kriz la, pati politik yo, reprezantan sosyete sivil la, elt… Dapre diplomat la, “li lè pou nou menm ayisyen nou ka chita ansanm pou n rezoud pwoblèm nou yo; se pa nesesèman yon etranje ki pou vin mete nou chita ansanm. Se vre, misyon sa a pal ankouraje ayisyen yo pou yo dyaloge; men nou espere chita sa a ka rive fèt tout tan e non yon sèl fwa.”

Yon lòt kote, Clarens Renois, fondatè pati politik Union Nationale pour L’Intégrité et la Réconciliation (UNIR), ki t ap enteveni nan menm pwogram nan sou Lavwadlamerik, repete yon apel ki tounen yon slogan pou pati l ap dirije a: apèl pou yon “dyalòg nasyonal.”

“Sosyete a, kò soyal la divize. Nou bezwen prese-prese yon akò de sekirite, yon akò politik pou nou kapab ale nan eleksyon onèt, lib e sekirize;…. yon dyalòg nasyonal pou n poze pwoblèm fondamantal ki poze nan sosyete a.”

Pou sa ki gen rapò avèk misyon l’OEA ki gen pou ale an Ayiti a, M. Renois, ki t ap reponn kesyon Jacquelin Bélizaire, deklare:

“Se domaj! An tan ke manm EOA, li nòmal pou Ayiti gen rapò avèk òganizasyon emisferik sa a. Sepandan, nan peyi a gen des institutions, des personalités ki kapab òganize dyalòg. Nou pa bezwen fòseman pou se yon etranje ki pou vin ede n rezoud pwoblèm ke nou menm ankò nou kreye nan peyi a.”

Clarens Renois, lidè pati politik Union Nationale pour l'Intégrité et la Réconciliation (UNIR).
Clarens Renois, lidè pati politik Union Nationale pour l'Intégrité et la Réconciliation (UNIR).

Pou sa ki konsènen apèl Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, lanse pou l mande eleksyon ann Ayii anvan fen ane 2021 an, lidè UNIR la di se paske Prezidan Jovenel Moise pa pran devwa li o serye ki ofri okazyon pou M. Blinken lanse yon apel konsa.

“An reyalite, nou pa t bezwen Sekretè Deta ameriken an di nou eleksyon dwe dewoule nan peyi a disi fen ane a. Se yon devwa, se yon responsablite Prezidan Jovenel Moise genyen pou l kreye kondisyon pou eleksyon fèt nan peyi a. Men, pou kondisyon sa yo kreye, jan m di sa deja, fòk gen yon akò politik ki jwenn.”

Anbasadè Bocchit Edmond ak Misye Clarens Renois pale konsa pandan yo t ap patisipe nan pwogram radyo sou televizyon Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la nan jounen madi 4 me 2021 an.

XS
SM
MD
LG