Accessibility links

Breaking News

Deba Sou Sitiyasyon Peyi Dayiti nan Konferans Lejislatif Anyèl Black Cocus yo


Foto Depite Ameriken John Conyers
Foto Depite Ameriken John Conyers

Depite Ameriken John Conyers ki se manm Black Caucus lan òganize yon panèl diskisyon sou sitiyasyon peyi Dayiti jedi 15 septanm 2016 la nan Washington, DC.

Diskisyon sa yo te santre sou 3 dosye tankou devlopman ekonomik, edikasyon, avèk lojman. Pami pèsonalite ki te manm panèl la, te genyen Anbasadè Ayiti nan Washington DC, Paul Altidor, Senatè Carl Murat Cantave, Minis anviwonman Ayiti a Dieusel Simon Desras.

Depite Ameriken an, John Conyers, nan ouvèti deba a di li swete eleksyon ki pral dewoule ann Ayiti nan dat 9 oktòb la ap lib, onèt e demokratik kote moun ki ranpli kondisyon ap gen chans patisipe. Minis anviwonman Ayisyen an bò kote pal te pran lapawòl nan non gouvènman Ayisyen an kote li bay garanti eleksyon yo pral dewoule nan dat ki fikse a.

Senatè Ayisyen Karl Murat Cantav, ki t ap patisipe nan deba a, te reponn kesyon anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jean Pierre Leroy, sou pwochen eleksyon yo, deklare lap veye pou anpeche tout plan pouvwa an plas ta genyen pou enfliyanse eleksyon yo an favè chapèl politik li.

Konferans Lejislatif Anyèl Fondasyon Black Cocus yo ki te kòmanse 14 septanm ap bout dimanch 19 septanm 2016 kap vini an.

Klike sou lyen anba atik la pou tande repòtaj anvwaye espesyal Lavwadlamerik sou Konferans Lejislatif Anyèl Black Cocus yo.

Repòtaj Jean Pierre Leroy sou Konferans Lejislatif Anyèl Black Cocus yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:31 0:00

XS
SM
MD
LG