Accessibility links

Breaking News

Black Caucus Ameriken an Ap Oganize 40èm Konferans Anyèl li


Black Causus Ameriken an (manm kongrè Lèzetazini an ki sòti nan ras nwa) tanmen mèkredi 15 septanm 2010 la 40èm konferans anyèl li nan Washington, DC kote patisipan yo ap pale de reyalizasyon gwoup sa a pandan dènye dizèn dane yo.

Pami patisipan yo genyen delegasyon ki sòti nan dyaspora afriken an --pami yo nou jwen ofisyèl ak diyitè ki soti ann Ayiti, ak pwofesyonèl ayisyen k ap viv a letranje.

Doktè an medsin e pwofesè Larry Pierre, k ap anseye nan Florida International University, fè pati yon gwoup ki reprezante kominote ayisyèn nan nan pati sid Eta Florid.

Nna yon entèvyou ak Marie Luce Pierre, Doktè Pierre fè konnen delegasyon li an vini Washington pou li chache devlope bon jan rapò avèk dirijan nwa ameriken yo nan kongrè Lèzetazini an dekwa pou yo kapab sèvi ak enfliyans yo pou yo ranfòse relasyon ant Lèzetazini ak Ayiti nan moman peyi karayib la bezwen tout apui entènasyonal li kapab jwenn.

40èm konferans black Caucus la ap fini nan dat 19 septanm 2010 la.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Marie Luce Pierre.

XS
SM
MD
LG