Accessibility links

Breaking News

Biwo Jij Enstriksyon Kap Travay Sou Dosye Asasina Moise la Devalize


Foto Achiv: Drapo Ayisyen an a demi ma devan Pale Nasyonal la nan Potoprens, Samdi 10 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Drapo Ayisyen an a demi ma devan Pale Nasyonal la nan Potoprens, Samdi 10 Jiye, 2021.

Bandi moun pa rive idantifye devalize biwo jij enstriksyon k ap travay sou dosye asasina Prezidan Jovenel Moise la nan Potoprens.

Pandan zak banditism sa a ki fèt nan maten Jedi 28 Oktòb la lakoz kèk dokiman disparèt.

Zak sa a kowenside tou ak dat kote Premye Minis Ariel Henry te sipoze reponn kestyon jij Tribinal Premye Enstans Pòtoprens la sou dosye asasina Moise la.

Met Bernard Saint-Vil reyaji a enfaksyon ki fèt nan biwo Jij Garry Orelien nan yon entèvyou ak VOA Kreyòl.

Mèt Bernard Saint-vil Sou Efraksyon ki Fèt nan Biwo Jij Garry Orelien
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:36 0:00

Prezidan Jovenel Moise mouri asasinen nan gran maten 7 Jiyè lakay li nan Pelerin 5. Madanm ni, te blese grav nan atak la e li te oblije al pran swen nan yon lopital Miami.

Polis Nasyonal Ayisyen an, PNH, arete plis pase 40 moun an koneksyon ak asasina a. Pami yo gen 18 ansyen sòlda kolonbyen, kek ayisyen-ameriken epi 4 manm PNH.

Semèn pase a, Jamayik te mete men sou yon lòt sispek, Kolonbyen Mario Franco Palacios Palacios apre misye te antre nan peyi a ilegalman. Minis Afè Etranje Ayisyen Claude Joseph mande ofisyèlman pou yo ekstrade Palacios ann Ayiti, pou'l ka reponn kestyon lajistis.

Otorite Ayisyen yo toujou gen yon manda d'are dèyè Joseph Badio, yon ansyen responsab ministè lajistis ak ekip anti-kowipsyon gouvènmantal la (ULCC); nan mw me pase a, li te jwenn revokasyon l pou "rezon etik" otorite yo pa presize.


Korespondan nou nan Potoprens Matiado Vilme kontribye a repotaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG