Accessibility links

Breaking News

Etazini-Diplomasi. Yon Reprezantan Espesyal pou Kore di Nò: Stephen Biegun


Stephen Biegun, reprezantan espesyal ameriken pou Kore di Nò.
Stephen Biegun, reprezantan espesyal ameriken pou Kore di Nò.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, chwazi Stephen Biegun, vis prezidan Ford Motor Corporation, pou okipe plas Reprezantan Espesyal Lèzetazini nan Kore di Nò. Misye Biegun se 2èm otorite nan konpayi otomobil Ford Motor Corporation e se yon ansyen fonksyonè wo plase nan Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini an; l ap antre nan administrasyon Trump la nan yon moman kote Washington santre atansyon li anpil sou efò l ap fè pou l fòse Kore di Nò elimine pwogam fabrikasyon zam nikleyè li a.

Pandan chèf diplomasi a, Mike Pompeo, t ap pale ak laprès, li di se yon bon moman pou Stephen Biegun antre nan Depatman Deta; li tou pwofite pou l anonse li menm avèk nouvo reprezantan ameriken nan Kore di Nò a pral vizite Pyongyong pa pi ta ke semèn pwochèn nan.

Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap anonse chwa Stephen Biegun kòm Reprezantan Espesyal Lèzetazini pou Kore di Nò.
Sekretè Deta Mike Pompeo ki t ap anonse chwa Stephen Biegun kòm Reprezantan Espesyal Lèzetazini pou Kore di Nò.

​Misye Biegun, ki te pale ak jounalis yo tou, fè konnen li rekonèt travay la pa p fasil pou li. Li deklare:

"Prezidan an fè yon ouvèti, e nou dwe pwofite de ouvètu sa a pou n sezi tout okazyon ki prezante pou n reyalize yon vizyon: se vizyon pou n tabli yon avni pasifik pou pèp Kore di Nò a."

Stephen Biegun ajoute:

"Reyalizasyon vizyon sa a ta dwe kòmanse avèk denikleyarizasyon Preskil Kore a -yon denikleyarizasyon ki final e totalman verifyab, jan lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, te aksepte sa nan somè li te fè ak Prezidan Donald Trump nan Sengapou a…"

Nouvo reprezantan espesyal Lèzetazini pou Kore di Nò a pwomèt pou l travay avèk kolèg li yo nan Depatman Deta a e tout kote nan administrasyon an, menm jan li pwomèt pou l travay avèk alye e patnè Lèzetazini yo atravè lemond pou ke, ansanm, yo reyalize yon objektif komen ki se yon mond kote gen plis sekirite ak plis lapè.

XS
SM
MD
LG