Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Menase ak Veto Li Yon Plan Depans Federal Kongrè a Apwouve


신종 코로나바이러스 감염증(COVID-19)를 이겨낸 100세 벨기에 할머니가 병원 밖을 나서면서 의료진의 박수를 받고 있다.
신종 코로나바이러스 감염증(COVID-19)를 이겨낸 100세 벨기에 할머니가 병원 밖을 나서면서 의료진의 박수를 받고 있다.

Prezidan Amerken an, Donald Trump, menase pou l poze veto li -kidonk pou l bloke miz-an-aplikasyon-- yon bidjè depans pou yon trilyon 300 lilya dola ki pase nan tou lè 2 chanm Kongrè nan fen jounen jedi 22 mas 2018 la. Nouvèl sa a tonbe aprè La Mezon Blanch te di Misye Trump pare pou l siyen lejislasyon an apre Chanm Depite a te apwouve li jedi apre-midi epi Sena a te fè menm bagay la pandan nannuit la.

Si lidè ameriken an mete menas li a a egzekisyon, gouvènman federal la pral fèmen pou yon 3èm fwa depi ane a te kòmanse. Si li siyen dokiman an, sa ap pèmèt biwo Leta federal yo kontinye opere pandan tout rès ane fiskal la kap pran fen nan dat 30 septanm 2018 la.

Apre Chanm Depite a te apwouve pwopozisyon-lwa nan mitan apre midi jedi 22 mas la, dokiman an te ale devan Gran Kò a –kidonk devan Sena a- pou menm pwosedi a; e senatè yo ta pral apwouve l avèk yon vot 65 pou e 32 kont.

Nouvèl ki sòti nan La Mezon Blanch nan mitan matine vandredi 23 mas la, se yon vrè kou-siprann, puiske, nan kòmanaman jounen an, direktè Biwo Jesyon ak Bidjè Federal la, Mick Mulvaney, te pale ak laprès pou l di li pat gen dout sou sa: Prezidan Trump ta pral siyen pwopozisyon-lwa a pou fè l tounen yon lwa imedyatman aplikab. Misye Mulvaney te di:

Mick Mulvaney, direktè Biwo Jesyon ak Bidjè Federal Lèzetazini.
Mick Mulvaney, direktè Biwo Jesyon ak Bidjè Federal Lèzetazini.

" Eske Prezidan an pral siyen dokiman an? Repons la se WI. Poukisa? Paske plan depans sa a vini ak yon bidjè ki finanse pwojè ki priyoritè pou li. Nou te pase…3, 4, 5, 6 dènye mwa yo ap eseye jwenn mwayen pou Kongrè a finanse pwojè ki priyoritè pou Prezidan an; e lwa sa a fè egzatteman sa nou tap chache a."

Youn nan satisfaksyon lejislasyon sa a bay Prezidan Trump, sè ke li ofri yon gwo ogmantasyon sou lajan ki la pou finanse operasyon fòzame amerikèn yo (ant parantèz, nouvo plan defans federal yo prevwa yon ogmantasyon 2, 4% pou pèsonèl militè a). Sepandan lejislasyon an pa bay tout lajan administrasyon an te mande pou l aplike pwogram li sou dosye imigrasyon an.

Bò kote Demokrat yo, lidè pati a nan Sena a, Chuck Schumer (D-N. Y.) te deklare, aprè vòt nan Chanm Depite a:

Lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (adwat) avèk lidè minorite a nan Chanm Bas la, Nancy Pelosi, ki tap pale nan yon konferans pou laprès apre lejislasyon sou depans deferal yo te pase nan Kongrè a (Washington, 22 mas 2018).
Lidè minorite demokrat la nan Sena a, Chuck Schumer (adwat) avèk lidè minorite a nan Chanm Bas la, Nancy Pelosi, ki tap pale nan yon konferans pou laprès apre lejislasyon sou depans deferal yo te pase nan Kongrè a (Washington, 22 mas 2018).

" Tou 2 pati yo te oblije aksepte fè konpwomi pou nou te ka pase pwopozisyon-lwa sa a; e, an definitive, manm pati nou an byen kontan pou jan sa pase finalman.”

Malgre tout efò Demokrat yo te fè, lejislasyon an pa di menm yon mo sou pwoteksyon pati a tap mande pou jenn imigran ki te antre Ozetazini ilegalman ak paran yo pandan yo te piti.

Vrèmanvre, Demokrat yo yo te pase lontan ap mande lidè Repibliken yo nan Chanm Bas la prezante pou yon vòt pwogram DACA a -swa yon pwogram ansyen Prezidan Barack Obama te mete an plas pou pwoteje jenn imigran sa yo kont depòtasyon; li te pèmèt yo tou viv, travay epi etidye san pwoblèm nan peyi a; men administrasyon Trump la te pran yon desizyon ane pase a pou l anile pwogram sa a.

Pandansetan, plizyè jij federal pase lòd ki oblije gouvènman an kite kèk pati nna DACA a an plas, ann atandan lajistis tranche sou kèk pwosè kap fèt kont adminitrasyon Trump la poutèt li vle anile pwogam nan.

XS
SM
MD
LG