Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Vizite Eta Kentucky Mekredi


Prezidan Joe Biden patisipe nan yon rankont sou repons federal la apre dega yon tornad fe nan Kentucky, nan la Mezon Blanch, Lendi 13 Dec. 2021.
Prezidan Joe Biden patisipe nan yon rankont sou repons federal la apre dega yon tornad fe nan Kentucky, nan la Mezon Blanch, Lendi 13 Dec. 2021.

Prezidan Joe Biden deklare lendi ke li pral vwayaje nan eta Kentucky Mekredi pou we ak pwop je pa li, dega tornad koze. Gen omwens 64 moun ki pedi lavi yo, e plizye dizen lot pa gen kay pou yo rete.

Biden anonse vizit li nan eta sa a apre yon rankon ak responsab sekirite nasyonal ak respons sou dezas yo kote yo te diskite sou sa gouvenman federal la ka fe pou apiye moun ki afekte pa dezas natirel le.

Biden di li gen ke sote pou konsekans emosyonel dezas la genyen sou tout moun ki konsene yo. Li ajoute administrasyon li an ap travay di pou ede moun yo jwenn "lape d'espri" pou yo ka "mete tet yo sou zorye yo, kouche epi kite pitit yo konnen tout bagay pral anfom."

XS
SM
MD
LG