Prezidan Joe Biden pral onore 3 sòlda Ameriken ki te goumen nan lagè Afghanistan ak Irak ak Meday d'Onè a semèn pwochèn.
Solda sa yo se: Sèjan 1e Klas Christopher Celiz, yon manm fòs lame Etazini ki mouri nan moman li te entèveni devan konbatan Taleban ki tap chache tire sou yon elikoptè Ameriken ki tap evake moun ki te blese ann Afghanistan an 2018; Sèjan Mèt Earl Plumlee, yon solda Fòs Espesyalize ki te goumen kont konbatan nan Afghanistan an 2013; epi Sèjan 1e Klas Alwyn Cashe, 35 an, ki te mouri apre li te blese ann Irak pandan li tap eseye sove solda kanmarad li yo nan yon machin ki pran dife an 2005.
Prezidan Biden pral rekonèt 3 sòlda sa yo pandan yon seremoni nan Lamezonblanch, 16 Desanm.