Accessibility links

Breaking News

Biden Ap Dispoze 500 Milyon Tès COVID-19 Gratis pou Konbat Varyan Omicron an


Prezidan Joe Biden pale sou repons gouvenman li an fas ak COVID-19 epi vaksinasyon, Madi 21 Dec. 2021.
Prezidan Joe Biden pale sou repons gouvenman li an fas ak COVID-19 epi vaksinasyon, Madi 21 Dec. 2021.

Prezidan Joe Biden gen entansyon dispoze 500 milyon tès COVID-19 gratis pou Ameriken, ogmante sipò pou lopital yo epi ogmante kantite vaksen ki disponib pou konfwonte yon vag enfeksyon kowonaviris la pandan sezon ivè a. Responsab la sante yo di se varyan omicron an kap pwopaje rapidman ki lakoz nouvo vag enfeksyon an.

Nan yon diskou Madi, Biden pral souliyen enpotans vaksinasyon kont kowonaviris la nan kad jefò pou pwoteje sitwayen yo kont enfeksyon nan moman fet nwel la ap pwoche.

Mond lan ap selebre sezon fèt la pou dezyèm fwa pandan pandemi a kontinye fe ravaj.

Savan yo di vaksen an ta dwe ofri bon jan pwoteksyon kont maladi sevè ak lanmo. Konseye medikal pi wo plase prezidan an, Dokte Anthony Fauci fè konnen Biden pral lanse avètisman bay Ameriken ki poko vaksinen yo pa rapò ak kisa kap tann yo pandan sezon ivè a.

XS
SM
MD
LG