Accessibility links

Breaking News

Biden pral Akeyi Timoun Sekouris yo pou Halloween


Foto Achiv: Gazon Sid Lamezonblanch la dekore pou Halloween nan Washington, 25, Oktob, 2020.
Foto Achiv: Gazon Sid Lamezonblanch la dekore pou Halloween nan Washington, 25, Oktob, 2020.

Prezidan Joe Biden ak madanm ni, Jill pral akeyi nan Lamezonblanch timoun ponpye lokal, enfimyè, lapolis ak manm Gad Nasyonal la pou fèt Halloween nan Lendi.

Men move tan lakoz fèt la ap yon ti jan mouye. Lapli tonbe Lendi maten nan Washington, e meteyo di lapli pral tonbe pandan tout jounen an.

Se premye fwa Biden yo ap akeyi timoun yo pou fè trick-or-treat (mande bonbon) antanke prezidan ak premyè dam.

Biden yo te an Ewop pou Halloween ane pase a, kidonk yo te mande pou anplwaye yo dekore e mete limyè oranj sou fas Lamezonblanch ki bay sou avni Pennsylvani an pou ba li yon anbyans espesyal pou fèt la.

XS
SM
MD
LG