Ozetazini, ajan polis ki te defann Kapitòl la -swa lokal Kongrè ameriken an- nan dat 6 janvye 2021 an, lè yon gwo popilas patizan Prezidan Donald Trump te lanse yon atak sou batiman an pou anpeche palmantè yo sètifye viktwa kandida demokrat la, Joe Biden, nan prezidansyèl novanm 2020 an, kòmanse rann depozisyon yo devan yon komisyon ki gen ladan l manm tou le 2 pati yo, repibliken kou demokrat.
Vrèmanvre, polisye ki te riske lavi yo pou yo defann lokal Kongre a le 6 janvye 2021, se premye moun k ap fè depozisyon yo devan yon komisyon Chanm Bas la fòme pou mennen ankèt sou sa k te pase vrèman jou sa a kote, daprè lidè demokrat yo, demokrasi amerikèn nan te anba gwo menas. Sepandan, egzistans komisyon sa a sèlman vin ranfòse divizyon politik ki egziste ant Demokrat ak Repibliken sou kesyon an.
O kòmansman Demokrat yo te pwopoze fòmasyon yon komisyon endepandan, baze sou siksè yon komisyon ki te reyalize yon envestigasyon ki te jwenn sipò lidè 2 pati yo sou atak teworis 11 septanm 2001 yo sou Lèzetazini. Nan fen mwa me pase a, alòske Demokrat yo t ap chofe pou yo fòme yon komisyon endepandan e malgre Repibliken yo te dekò ak preske tout egzijans lidè lot pati a te fè, finalman yo te bloke pasaj tout rezolisyon sou afè a -yon sitiyasyon ki pa t fè Prezidan Chanm Depite a, Nancy Pelosi, kontan ditou. Se konsa li ta pral bay kolèg li yo konsèy pou yo vote “wi” pou apwouve rezolisyon an.
Madanm Pelosi te prese pwopoze fòmasyon yon komisyon espesyal pou mennen anket la. Menm lè a tou, Repibliken yo te akize Demokrat yo deske yo te vle fè yon jan pou rezilta ankèt la ale nan yon sans detèmine davans.
Daprè depite repibliken Michelle Fischbach, pou Kongrè a pran dispozisyon pou evennman 6 janvye pa janm repete, sa mande yon solisyon ke 2 pati yo sipòte totalman e non pa yon solisyon ki sòti nan yon komisyon ke yon sèl pati fòme -vin jwenn se yon komisyon ki gen fòs kote depi okòmansman.
Vrèmanvre, kòm lidè minorite a nan Chanm Bas la, Depite repibliken Kevin McCarthy te gen dwa chwazi 5 kòlèg repibliken pou antre nan komisyon an. Sepandan, prezidan Lachanm nan, Madam Pelosi, ta pral rejte 2 nan 5 yo –an palan de Jim Jordon, reprezantan Eta Ohio, avèk Jim Banks, reprezantan Eta Indiana. Prezidan Pelosi pa t pèdi tan pou l di poukisa li te rejte 2 manm sa yo:
“Kòlèg sa yo te fè deklarasyon e yo te poze aksyon ki, daprè mwen, ta kapab genyen move konsekans sou entegrite komisyon an e sou travay komisyon an.”
Lidè minorite a, Depite Kevin McCarthy, te menase pou l fè 5 manm repibliken yo kite komisyon an si Madan Pelosi pa t retounen sou desizyon l nan.
”Pelosi lanse yon pwosesis ki baze sou magouy. Si Prezidan Lachanm nan pa retounen sou deisyon l nan epi kite tou le 5 repibliken yo fè pati komisyon an, nou pa p patisipe.”
Sepandan 2 pati yo te fin pa jwenn yon antant sou fòmasyon komisyon an. Anvan atak 6 janvye a te sispann, 7 moun te deja pèdi lavi yo e plis pase 100 lòt te blese. Dapre polisye ki te de sèvis jou sa a avèk lòt ki te an konje e ki te prese al pote kòlèg yo lamen fòt, sitiyasyon an te tèlman grav, yo te pè sa k te ka rive pi gwo senbòl demokrasi amerikèn nan, an palan de lokal Kongrè Lèzetazini an. Sou premye jou depozisyon yo, madi 27 jiye 2021 an, temwen yo montre kijan otorite yo dwe pran evennman sa a oserye epi pran dispozisyon pou sa pa jenm rive ankò Ozetazini.