Accessibility links

Breaking News

Biden Chanje Estrateji pou Eseye Reyalize Gwo Pwojè Sosyal li yo


Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres nan Chanm Es Lamezonblanch la nan Washington, Mekredi 19 Janvye, 2022.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon konferans pou lapres nan Chanm Es Lamezonblanch la nan Washington, Mekredi 19 Janvye, 2022.

Mèkredi prezidan ameriken an Joe Biden te eseye rasanble gwo biznis Ameriken yo dèyè kèk nan mezi li genyen nan gwo plan refòm sosyal li a.

Nan Mezon Blanch lan, ansanm ak PDG Microsoft, direkte General Motors ak Ford, Biden te deklare "Nou fè pati de pwosesis pou fè reviv endistri Ameriken an epi nou pral ede w.

"Anpil moun wè (plan sa a) sèlman kòm depans sosyal. Mwen wè li plis ke sa a: (pwojè sila) pral diminye depans pou fanmi yo epi bay moun plis travay. Sa ap asire ke ekonomi a rete pwodiktif ak dinamik nan mond lan."

Biden te eseye pandan plizyè mwa pou fè Kongrè Ameriken an vote pwogram depans sosyal $1.850 milya dola li a, men li te oblije abandone li paske li pa gen ase majorite nan Sena a pou apwouve l.

Men, li te pwomèt pou l eseye sove kèk pati nan li.

Pou fè sa, Biden sanble ap chanje estrateji li: kote li te deja ensiste sou benefis ke fanmi yo ta tire soti nan li, espesyalman benefis ekonomik, yon fason petèt li ka rive konvenk Santris Demokrat yo.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG