Accessibility links

Breaking News

Bezilyen yo Pran Lari pou Demokrasi


Manifestan an fave demokrasi nan Fakilte Dwa Inivesite Sao Paulo a nan peyi Brezil, Jedi 11 Out, 2022.
Manifestan an fave demokrasi nan Fakilte Dwa Inivesite Sao Paulo a nan peyi Brezil, Jedi 11 Out, 2022.

Plizyè milye Brezilyen pran lari pou defann demokrasi lakay yo.

Evenman sa a dewoule Jedi nan lekol de dwa Inivèsite Sao Paulo a. Li te sanble anpil ak yon rasanbleman ki te genyen sa gen prèske 45 an desa, lè sitwayen yo te rasanble pou denonse an mas, diktati militè brital ki te dirije peyi a pandan 20 an.

Pandan manifestasyon an, oganizatè yo te li dokiman ki apiye enstitisyon demokratik yo ak sistèm elektoral la.

Tandiske lèt yo pa site non Prezidan Jair Bolsonaro, yo sanble vize misye, ki se yon lidè ekstrèm dwa e kap chache re-eli pou yon deyèm mande.

Menm jan ak ansyen prezidan Etazini Donald Trump, Bolsonaro atake plizyè fwa sistèm elektoral peyi a - san li pa bay okenn prèv.

XS
SM
MD
LG