Kandida alaprezidans pati Demokrat la, Bernie Sanders, ranpòte eleksyon primè Nevada a jodi samdi 22 fevriye 2020 an. Viktwa sa a pèmèt kandida Bernie Sanders antèt delege Demokrat yo, yon pozisyon ki plasé kandida Sanders kòm kandida ki pi ka jwenn nominasyon pati Demokrat la.
Eleksyon primè Nevada a te twazyèm konkou pou aspiran kandida demokrat yo kap pouswiv nominasyon pati a pou al kanpe anfas Prezidan Donald Trump ki se kandida pati Repibliken a, nan eleksyon nasyonal kap gen pou fèt nan mwa novanm 2020 ka p vini an.
Te gen kèk konpetisyon ki te dewoule nan kòmansman mwa fevriye a nan pati Midwès eta Iowa, ak nan pati Nòdwès nan New Hampshire.