Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl: Bernie Sanders pa Sòti pou l Bay Hillary Clinton Legen


Kandida a la prezidans demokrat Sen. Bernie Sanders (Endepandan Eta Vermont) pandan li tap pale ak yon foul patizan nan yon meeting ki dewoule nan Eta Kalifòni dimanch 22 me 2016 la.
Kandida a la prezidans demokrat Sen. Bernie Sanders (Endepandan Eta Vermont) pandan li tap pale ak yon foul patizan nan yon meeting ki dewoule nan Eta Kalifòni dimanch 22 me 2016 la.

Ozetazini, nan moman rete 2 semèn sèlman pou dènye e pi gwo eleksyon primè yo dewoule nan kad kanpay prezidansyèl la, kandida demokrat Bernie Sanders, senatè Eta Vermont, deklare advèsè l la nan kous pou nominasyon pati a, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, twò prese kriye la marye bèl lè li konsidere tèt li deja kòm kandida ki jwenn nominasyon an.

Pandan misye Sanders tap pale sou chèn televizyon ABC dimanch 22 me 2016 la, li prevwa li pral jwenn kèk bon rezilta nan 9 dènye eleksyon primè ki rete yo. Apre Misye Sanders te fin patisipe nan pwogram televizyon sa a, li te reponn prezan nan yon meeting de mas ki dewoule nan Eta Kalifòni --youn nan gwo moso ki rete yo avek pi gwo kantite delege pase tout lòt eta-- kote li deklare si elektè kalifònyen yo sòti al vote, sa pral ba li bourad li bezwen pou l okipe yon pozisyon de fòs anvan konvansyon demokrat la nan mwa jiyè a. Li fini pa di :

“Si mwen ranpòte nominasyon an, mwen ba nou garanti Donald Trump pap prezidan Lèzetazini."

XS
SM
MD
LG