Accessibility links

Breaking News

Baz Aeryen Irakyen Al-Asad Kote Twoup Ameriken yo Loje Sibi yon Atak ak Wòkèt


Al-Asad, baz aeryen irakyen ki nan lwès dezè Anbar, ann Irak. Foto: 29 desanm 2019.
Al-Asad, baz aeryen irakyen ki nan lwès dezè Anbar, ann Irak. Foto: 29 desanm 2019.

PENTAGON: Baz irakyen Al-Asad kote twoup ameriken yo loje sibi yon atak dapre yon sous militè ki te pale ak Lavwadlamerik.

Korespondan Lavwadlamerik nan Pentagon Carla Babb te mande nouvo devlopman sa a vle di repons Lèzetazini bay dènyeman nan rejyon an pa pote rezilta? Sous militè a reponn pou l di, “Jwèt la Chanje.”

Dapre yon nòt Depatman Defans Etazini pibliye li fè konnen:

"Li klè ke misil yo te lanse soti ann Iran e yo te vize omwen de nan baz militè Irak kote militè ameriken yo ak pèsonèl kowalisyon an nan Al-Assad ak Irbil loje.

Pandan n ap kontinye evalye sitiyasyon an ak repons nou an, n ap pran tout mezi nesesè pou pwoteje ak defann pèsonèl ameriken, patnè, ak alye nou yo nan rejyon an."

Baz Al-Asad twouve l nan pwovens Anbar la nan mitan gwoup ame ki rele Sunni a, ki se senpatizan ak sipòtè militan gwoup eta islamik yo, ki yon fwa te kontwole pi fò pati nan rejyon an tankou Fallujah ak Ramadi ak lòt ti vil nan vwazinaj yo.

XS
SM
MD
LG