Accessibility links

Breaking News

Batèm Dife Komisyon Entèrimè Rekonstriksyon Ayiti a Nan Punta Cana, Repiblik Dominikèn


Batèm Dife Komisyon Entèrimè Rekonstriksyon Ayiti a Nan Punta Cana, Repiblik Dominikèn
Batèm Dife Komisyon Entèrimè Rekonstriksyon Ayiti a Nan Punta Cana, Repiblik Dominikèn

Youn nan gwo pwen somè Punta Cana a, k'ap dewoule nan Republik Dominiken, se batèm (lansman ofisyèl) Komisyon Entèrimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH). Madi, lavèy ouvèti somè a, responsab yo te gen satisfaksyon lanse travay Komisyon an, ki pral jwe yon wòl kapital nan pwosesis rekonstriksyon Ayiti.
CIRH la, ki tanmen misyon li madi 2 jen an sou tèritwa peyi vwazen an, ap reyini 14 jen kap vini la a nan Pòtoprens, Ayiti. Pèsonalite ofisyèl ki nan tèt Komisyon an se anvwaye espesyal Sekretè-Jeneral Nasyonzini an, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak premye minis ayisyen an, Jean Max Bellerive.

Pou mesye Bellerive, Komisyon an pra l' jwe yon wòl fasilitatè ak yon wòl akseleratè nan rekonstriksyon peyi a. Sepandan, chèf gouvènman ayisyen an presize, kèlkeswa jan Komisyon sa a ta ka efikas, fòk li pa ranplase mekanism kowòdinasyon ki egziste deja e ki deja pwouve vale ak itilite yo, menmsi genyen ladan yo ki merite yon pase-men pou retire kèk pousyè sou yo. Kidonk, pou dirijan ayisyen yo, fòk CIRH travay nan kowòdinasyon ak enstitisyon ki la deja yo.

Tankou prezidan dominiken an, Dr. Leonel Fernandez, te presize l' pandan lansman somè a "dwe genyen yon plan entènasyonal ak yon kowòdinasyon entèn". Sou plan sa a, li rejwenn (li ann akò) ak premye minis Bellerive. Konsa, pap genyen friksyon ni tansyon (se yon esperans) ant responsab ayisyen yo ak reprezantan peyi donatè yo nan Komisyon Entèrimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a.

Moun ki konpoze Komisyon Entèrimè Pou Rekonstriksyon Ayiti a (CIRH) se: Lucien Francoeur, Sekretè-jeneral Cham Depite a; M. Lucien Jean Bernard, Sena a; Dr Reginald Boulos, sektè prive a; Georges Henry Fils, Mèt Gary Lissade: pouvwa jidisyè a, Mr. Jean Claude Lebrun, sektè sendikal la; M Joseph G. Louis, M. Raoul Pierre-Louis: otorite lokal yo; Madam George Salomon, Madam Suze Percy: branch egzekitif.

Jacquelin Bélizaire, Santo-Domingo. R.D

Rotchild François, jr. Korespondan Sèvis Kreyòl la ann Ayiti genyen repòtaj ak son somè a. Fè yon klik sou kote ki make "koute" ki mache ak atik la.

XS
SM
MD
LG